Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
34
1 Rapwoche, O nasyon yo pou tande!
Koute, o pèp yo!
[a]Kite latè ak tout sa ki ladann tande,
e lemonn ak tout sa ki ladann.
2 Paske [b]gwo kòlè SENYÈ a kont tout nasyon yo
e jijman Li brile kont tout lame yo.
Li te detwi yo nèt.
Li te donnen yo a yon gwo masak.
3 Konsa, mò yo va [c]jete deyò.
Kadav yo va fè movèz odè,
e mòn yo va tranpe ak san yo.
4 Tout lame syèl la va vin efase.
[d]Syèl la va woule monte tankou yon woulo liv;
e tout lame li yo va vin fennen nèt,
tankou yon fèy ta fennen sou branch chan rezen an,
oswa jan li deseche tonbe sou yon pye fig.
5 Paske [e]nepe Mwen bwe ase nan syèl la.
Gade byen, li va desann pou jije Édom
ak pèp ke Mwen te chwazi pou destriksyon yo.
6 Nepe SENYÈ a plen ak san.
Li kouvri ak grès, ak san jenn mouton,
ak bouk yo, ak grès a ren belye.
Paske SENYÈ a gen yon sakrifis nan [f]Botsra,
ak yon gwo masak nan peyi Édom.
7 Anplis, bèf mawon va desann ak yo,
ak jenn towo, ak towo pwisan yo.
Konsa, peyi yo va [g]tranpe ak san,
e pousyè yo va vin gra ak grès.
 
8 Paske SENYÈ a gen yon jou vanjans,
yon ane vanjans pou koz a Sion an.
9 Sous dlo li yo va devni goudwon
e tè pousyè li kon [h]souf.
Peyi li va tounen goudwon k ap brile.
10 Li p ap etenn ni lajounen, ni lannwit.
[i]Lafimen li va monte jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, li va dezole.
Okenn moun p ap pase ladann
pou tout tan e pou tout tan.
11 Men [j]grangozye ak ti bèt atè a va vin posede li
e ibou ak kònèy a va demere ladann.
Li va tann sou li lign latwoublay,
ak fil a plon vid la.
12 Yo va rele prens li yo a wayòm nan,
men[k]p ap gen k ap parèt.
Tout prens li yo p ap anyen.
13 Pikan yo va pouse nan gwo fò li yo,
chadwon ak gwo raje nan [l]gwo vil ranfòse yo.
L ap devni yon kote frekante pa chen mawon.
Li va fè kay tribinal pou otrich la.
14 [m]Bèt dezè yo va fè reyinyon ak lou yo;
kabrit sovaj ak gwo plim va kriye anvè parèy li.
Wi, gwo bèt lannwit va vin rete la;
l ap twouve pou kont li yon kote pou l ka repoze.
15 La, koulèv pyebwa a va fè nich li pou ponn ze;
li va kale yo e ranmase yo anba pwotèj li.
Menm [n]bèt malfini yo va rankontre la,
yo chak ak pwòp parèy yo.
 
16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske [o]bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
17 Li te [p]tire osò pou yo,
e se men L ki separe bay yo selon lign mezi a.
Yo va posede kote a jis pou tout tan.
De jenerasyon an jenerasyon, yo va abite ladann.