Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site
31
1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,
ki depann de cheval yo,
ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,
ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;
men yo pa gade sou [a]Sila Ki Sen an Israël la,
ni chache SENYÈ a!
2 Men anplis, Li saj;
Li va mennen dezas;
Li [b]p ap retire pawòl Li menm;
men Li va leve kont kay malfektè yo,
ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.
3 Alò, Ejipsyen yo se [c]moun.
Se pa Bondye.
Cheval yo se chè; se pa lespri.
Pou sa, SENYÈ la va lonje men L;
sila k ap bay sekou a va glise tonbe.
Sila ki resevwa sekou a va tonbe,
e yo tout va rive fini ansanm.
 
4 Paske konsa SENYÈ a di mwen:
“Tankou lyon oswa jenn lyon gwonde sou kò bèt l ap manje,
lè yon bann bèje vin parèt la;
li p ap pè vwa yo,
ni li p ap deranje akoz bri yo fè.
Konsa, SENYÈ dèzame yo va vin desann
pou [d]fè lagè sou Mòn Sion ak sou kolin li an.”
5 Tankou zwazo k ap vole,
se konsa SENYÈ a va pwoteje Jérusalem.
Li va [e]pwoteje li e delivre li.
Li va pase sou sa pou sove li.
6 Retounen kote Sila ke nou te [f]tèlman neglije a, O fis Israël yo.
7 Paske nan jou sa a, tout moun
va jete deyò zidòl an ajan li yo ak zidòl an lò li yo,
ke [g]men plen peche nou yo te fè pou nou.
8 Epi Asiryen an va tonbe pa yon nepe ki pa t pou lòm,
e [h]nepe a ki pa pou lòm va devore l.
Pou sa, li p ap chape anba nepe a,
e jenn mesye li yo va devni ouvriye kòve.
9 “Wòch li va disparèt akoz panik,
e prens li yo va gen gwo lakrent devan drapo a”,
deklare SENYÈ a,
[i]Sila ki gen dife Li nan Sion an,
ak founo nan Jérusalem nan.

<- Ésaïe 30Ésaïe 32 ->