1 “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki [a]fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche; 2 ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka [b]fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte! 3 Akoz sa, sekirite Farawon va vin [c]wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou. 4 Paske [d]prens pa yo se nan Tsoan e anbasadè pa yo vin parèt nan Hanès. 5 Tout moun va vin [e]wont akoz yon pèp ki p ap ka bay yo okenn avantaj, ni pou sekou, ni pou pwofi, men pou wont, e anplis, pou repwòch.”
6 Pwofesi konsènan bèt nan [f]dezè Midi yo.
15 Paske konsa pale Senyè BONDYE a, sèl Sila Ki Sen an Israël la te di: “Nan repantans ak [p]repo, nou va sove. Nan kalm ak konfyans, fòs nou ye.” Men nou pa t vle. 16 Nou te di: “Non, paske nou va sove ale sou [q]cheval”. Akoz sa, nou va sove ale! “Nou va sove ale ak tout vitès”. Konsa, sila ki kouri dèyè ou va vini byen rapid. 17 [r]Mil moun va sove ale menase pa yon sèl moun. Nou va sove ale sou menas a senk moun, jiskaske nou vin lage tankou yon drapo sou yon do mòn; tankou yon siyal k ap limen sou yon kolin.
18 Konsa, SENYÈ a ap tan. Li vle fè nou gras pou Li kapab egzalte, pou Li kapab fè nou mizerikòd. Paske SENYÈ a se yon Bondye de jistis. A la beni tout sila k ap tan Li yo beni! [s] 19 Paske moun yo va rete nan Sion, nan Jérusalem. Nou [t]p ap kriye ankò. Anverite Li va fè nou gras lè L tande vwa kriye nou. Lè L tande l, Li va reponn nou. 20 Sepandan, Senyè a te bay nou pen advèsite, ak dlo lafliksyon, malgre, pwofesè nou yo, p ap [u]kache tèt yo ankò, men zye nou va wè pwofesè nou yo. 21 Nenpòt lè ou vire adwat oswa agoch, zorèy nou va tande yon pawòl dèyè nou: “Sa se chemen an, mache ladann”. 22 Nou va kraze jete limaj taye nou yo ki kouvri ak yon kouch ajàn, ak limaj an lò fon yo. Nou va gaye yo tankou bagay sal. Nou va di yo: “Retire ou la!”
23 Epi Li va [v]bay lapli pou grenn semans ke ou simen nan tè a, ak pen ki soti nan rekòlt tè a. Li va bon e li va anpil. Nan jou sa a, bèt nou yo va manje nan yon patiraj byen laj. 24 Anplis, bèf ak bourik ki travay latè yo va manje yon manje bon gou, ki te [w]vannen ak pèl ak fouchèt. 25 Sou chak mòn ki wo ak chak [x]kolin, va gen sous ki kouri ak dlo nan jou gwo masak la lè fò yo vin tonbe. 26 [y]Limyè lalin nan va tankou limyè solèy la, e limyè solèy la va sèt fwa pi klere tankou limyè ki pou sèt jou, nan jou ke SENYÈ a geri frakti a pèp Li a e panse blesi ki te frape yo.
27 Gade byen, [z]non a SENYÈ a sòti yon kote byen lwen. Lakòlè Li plen chalè ak lafimen k ap monte byen pwès. Lèv Li plen ak gwo kòlè e lang Li tankou yon dife k ap brile tout bagay. 28 Souf Li tankou yon flèv k ap debòde, ki rive jis nan kou, pou souke nasyon yo. L ap fè yo ale retou nan yon paswa destriksyon. Yon [aa]brid ki mennen nan destriksyon an va plase nan bouch a pèp yo. 29 Konsa, nou va chante tankou nan lannwit la, tankou lè nou rete nan fèt ak kè kontan, tankou lè yon moun ap mache sou son a flit, pou ale nan mòn SENYÈ a, Wòch Israël la. 30 SENYÈ a va fè yo tande vwa otorite Li, bra Li k ap desann ak gwo kòlè, nan flanm dife k ap brile tout bagay la, nan nwaj k ap pete ak gwo lapli ak lagrèl yo. 31 Paske ak vwa SENYÈ a, Assyrie va vin etone nèt. L ap vin frape ak [bb]baton. 32 Chak kout baton pinisyon ke SENYÈ a mete sou li, va fèt ak mizik a tanbouren ak gita. Li va fè batay ak yo. [cc]L ap rale tout zam yo parèt. Li va goumen kont yo. 33 Paske [dd]plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
<- Ésaïe 29Ésaïe 31 ->- a És 8:11-12
- b És 36:9
- c És 20:5-6
- d És 19:11
- e Jr 2:36
- f Jen 12:9
- g Job 9:13
- h És 8:1
- i És 1:10
- j I Wa 22:8-13
- k Trav 13:8
- l És 5:24
- m És 26:21
- n És 29:5
- o Sòm 2:9
- p Sòm 116:7
- q És 2:7
- r Lev 26:36
- s És 8:17
- t És 25:8
- u Sòm 74:9
- v Sòm 65:9-13
- w Mat 3:12
- x És 35:6-7
- y És 24:23
- z És 59:19
- aa Am 9:9
- bb És 10:26
- cc Éz 32:10
- dd II Wa 23:10