Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Paske gade byen, Senyè BONDYE dèzame yo va [a]retire sou Jérusalem ak Juda ni sipò, ni mwayen materyo,

tout sa ki pou founi pen
e tout sa ki pou founi dlo;
2 [b]Nonm pwisan an,
gèrye la,
jij ak pwofèt la,
divinò a ak ansyen an,
3 Kapitèn dè senkant yo,
nonm ki resevwa onè a,
konseye a,
atizan an,
ak sila ki fò nan fè wanga a.
4 Konsa, Mwen va fè [c]senp tigason yo vin chèf sou yo,
e timoun san kontwòl yo va vin renye sou yo.
5 Epi pèp la va [d]oprime,
youn pa yon lòt e chak pa vwazen li;
jenn yo va fè rebèl kont granmoun yo
e sila ki enferyè a kont sila ki gen onè a.
6 Lè yon nonm [e]mete men l sou frè l lakay papa l, epi di:
“Se ou ki gen manto a, se ou k ap chèf nou an,
e tout miray kraze sa yo va anba pouvwa ou”,
7 Nan jou sa a, li va diskite ak yo e li va di:
“Se pa mwen menm k ap [f]geri nou an;
paske lakay mwen pa gen ni pen, ni manto;
se pa mwen menm pou nou ta chwazi chèf sou pèp la.”
8 Paske Jérusalem chape glise e Juda fin tonbe akoz
pawòl ak zak yo kont SENYÈ a;
pou yo [g]fè rebèl kont prezans sen Li an.
9 Vizaj figi yo fè temwen kont yo,
e yo montre tout moun peche yo tankou Sodome.
Yo pa menm kache sa a. Malè a yo menm!
Paske yo [h]mennen mal la vin tonbe sou yo.
10 Di a [i]moun dwat yo sa prale byen pou yo,
paske yo va manje fwi a zèv yo.
11 Malè a mechan an!
Sa prale mal pou li.
Paske [j]sa li merite a, se sa k ap rive li.
12 O pèp Mwen an! Moun ki oprime yo se timoun
ak fanm ki gouvène sou yo.
O pèp Mwen an! [k]Sila k ap gide ou yo, egare ou,
e konfonn direksyon chemen nou yo.
 
13 Se [l]SENYÈ a ki parèt kon advèsè yo
e ki kanpe pou jije pèp la.
14 SENYÈ a [m]antre nan jijman ak ansyen ak prens a pèp Li a.
“Se nou ki te devore chan rezen an;
piyaj malere a fèt anndan lakay nou.
15 Se kilès ki bannou dwa pou [n]kraze pèp Mwen an,
e foule figi malere yo?” SENYÈ dèzame yo pale.
 
16 Anplis SENYÈ a di: “Akoz [o]fi a Sion yo ògeye,
mache ak tèt anlè ak zye k ap sedwi,
mache ak ti pa kout pou atire zye gason,
e fè sone tout ti son braslè sou pye yo.
17 Pou sa, SENYÈ a va aflije tèt fi a Sion yo ak kal,
e SENYÈ a va fè tèt yo chòv.”

18 Nan jou sa a, SENYÈ a va retire bèlte a braslè pye yo, bando sou tèt yo, [p]dekorasyon kwasan yo, 19 zanno zòrèy yo, braslè yo, vwal yo, 20 [q]dekorasyon tèt yo, chenn nan pye yo, bèl twal sentiwon yo ak bwat pafen yo, bwòch yo, 21 bag dwèt yo, [r]zanno nen yo. 22 Vètman gwo fèt yo, gwo manto yo, bous lajan yo, 23 miwa men yo, ti sou-vètman yo, tiban yo, ak vwal yo.

24 Epi li va fin rive ke olye sant pafen dous,
ap gen move odè pouriti;
olye se sentiwon, ap gen yon kòd;
olye se [s]cheve swa byen ranje,
ap gen yon tèt chòv;
olye se bèl vètman, ya mete twal sak;
epi y ap pote etanp sou kò pou ranplase bote.
25 Gason nou yo va [t]tonbe devan nepe,
ak moun pwisan nou yo nan batay.
26 Epi pòtay vil la va kriye fò ak lamantasyon,
doulè ak dezolasyon nèt. Li va [u]chita atè.

<- Ésaïe 2Ésaïe 4 ->