Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Pawòl ke [a]Ésaïe, fis a Amots la, te wè konsènan Juda avèk Jérusalem.

2 Alò, li va vin rive [b]nan dènye jou yo,
ke mòn lakay SENYÈ a va etabli kon chèf a mòn yo.
Li va leve pi wo pase kolin yo,
e tout nasyon yo va kouri vin jwenn li.
3 Konsa, anpil pèp va vini e yo va di:
Vini, annou monte nan mòn SENYÈ a,
lakay Bondye a Jacob la;
pou L kab enstwi nou konsènan chemen Li yo,
e pou nou kapab mache nan pa Li yo.
Paske lalwa a va sòti fè parèt [c]soti nan Sion,
e pawòl Bondye a soti nan Jérusalem.
4 Li va jije pami nasyon yo,
e Li va rann desizyon pou anpil pèp.
Yo va frape nepe yo pou fè cha tè a,
ak lans lagè pou fè kwòk imondaj yo.
Nasyon p ap leve nepe kont nasyon
e jis pou tout tan,
yo p ap vin aprann fè lagè ankò.
 
5 Vini lakay Jacob;
annou mache nan [d]limyè SENYÈ a.
6 Paske ou te [e]abandone pèp Ou a, lakay Jacob,
akoz yo plen ak jan de panse yo
ki sòti nan lès;
akoz yo vin pwofèt ki swiv Filisten yo,
k ap antann yo ak pitit a etranje yo.
7 Anplis, peyi yo vin plen ak ajan ak lò
e pou richès yo, nanpwen fen.
Peyi yo osi vin plen ak cheval yo,
e ak cha lagè yo, nanpwen fen.
8 Peyi yo anplis [f]plen ak zidòl;
yo adore zèv men pa yo, sa ke dwèt yo te fè.
9 Pou sa, lòm vin imilye;
e limanite vin bese.
Konsa, [g]pa padone yo.
10 Antre nan wòch,
e kache nan pousyè,
kont [h]laperèz SENYÈ a,
kont mayifisans ak majeste li.
11 [i]Ògèy a lòm va vin bese
e wotè a lòm va vin imilye.
E nan jou sa a se sèl SENYÈ a k ap egzalte.
 
12 Paske SENYÈ dèzame yo va gen yon jou jijman
kont nenpòt moun [j]ki ògeye, e ki awogan;
nenpòt moun ki leve tèt li wo va bese li.
13 Epi kont tout bwa sèd Liban an ki byen wo,
e ki leve tèt yo wo,
kont tout [k]chenn Basan yo.
14 Kont tout [l] mòn wo yo,
kont tout kolin ki leve wo yo,
15 Kont tout [m]fò wo yo,
kont tout miray fòtifye yo,
16 Kont tout [n]bato Tarsis yo,
kont tout sa ki bèl pou wè yo.
17 Ògèy a lòm va vin imilye
e wotè a lòm va vin desann.
Se sèl SENYÈ a ki va egzalte nan jou sa a.
18 Men [o]zidòl yo va vin disparèt nèt.
19 Tout moun va [p]antre nan kav pami wòch yo,
ak nan twou tè a,
devan gran laperèz SENYÈ a,
ak gwo bagay etonnan de majeste Li,
lè Li leve pou fè tè a tranble.
20 Nan jou sa a, tout moun va [q]jete deyò rat ak chòv-sourit,
zidòl fèt an ajan, ak zidòl fèt an lò,
ke yo te fè pou yo menm ta adore,
21 pou yo ka [r]antre nan kav wòch
ak twou wòch nan falèz yo,
pou yo pa parèt devan laperèz SENYÈ,
ak gwo bagay etonan a majeste Li a,
lè Li leve pou fè latè tranble.
22 Sispann mete konfyans nan lòm;
souf vi li se sèl nan nen l.
[s]Kisa li vo?

<- Ésaïe 1Ésaïe 3 ->