1 Pwofesi sou Damas.
4 Alò, nan jou sa a, [d]glwa Jacob la va febli nèt, e grès chè li va vin megri. 5 Li va tankou lè mwasonè sereyal la ap ranmase; lè bra li ap rekòlte tèt sereyal yo. Wi, tankou yon moun k ap ranmase tèt sereyal nan [e]vale Rephaïm yo. 6 Sepandan, [f]kèk nan mwason an va rete tankou lè yo rekòlte bwa doliv. Y ap jwenn de oswa twa grenn sou branch piwo a, kat oswa senk nan bwa ki donnen pi byen yo, deklare SENYÈ a, Bondye Israël la. 7 Nan jou sa a, lòm va [g]gen respè pou Kreyatè li a e zye li va gade vè Sila Ki Sen An Israël la. 8 Yo p ap gade vè lotèl yo, zèv a men li yo, ni yo p ap okipe sa ke dwèt yo te fè; ni [h]Asherim yo ni lanp lansan yo. 9 Nan jou sa a, vil ranfòse yo va tankou kote abandone nan forè a; tankou branch ke yo te abandone devan fis Israël yo. Konsa, tè a va dezole. 10 Paske nou te bliye [i]Bondye a sali nou an, ni nou pa t sonje wòch ki se sekou nou an. Pou sa, nou plante bèl plant e plase yo pami boujon chan a dye etranje yo. 11 Nan jou ke nou plante l la, nou fè bèl kloti pou li. Nan [j]maten, nou fè jèm nan rive fè flè; men rekòlt la ap sove ale nan jou gwo maladi, nan jou doulè san rete a.
12 Sepandan, gwo zen a anpil nasyon [k]ki gwonde tankou anpil dlo yo, e ki fè bri a anpil nasyon k ap kouri desann tankou gwo dlo pwisan! 13 [l]Nasyon yo fè gwo bri desann tankou gwonde a anpil dlo, men Li va repwoche yo e yo va kouri rive byen lwen, yo va chase tankou pay sou mòn devan van, oswa toubiyon van an fè avan gwo tanpèt. 14 Nan aswè, gade, gwo laperèz! Avan maten, yo [m]disparèt nèt. Se konsa pòsyon a sila k ap ranmase byen nou yo e tiraj osò a sila ki piyaje nou yo.
<- Ésaïe 16Ésaïe 18 ->