Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Voye mouton tribi a bay gouvènè peyi a, soti nan Sela pa wout dezè a, jis rive nan mòn a fi Sion an. 2 Li va rive ke tankou [a]zwazo k ap sove ale, oswa k ap gaye sòti nan nich yo, fi Moab yo va parèt kote pou janbe Arnon an. 3 “Bannou konsèy! Fè yon desizyon! Voye lonbraj ou tankou lannwit nan gran lajounen! [b]Kache sila ki san abri yo! Pa trayi refijye a! 4 Kite refijye Moab yo rete avè w! Devni yon kote pou yo kache kont destriktè a.” Paske [c]opresè yo p ap reyisi. Destriksyon an va sispann. Opresè ap disparèt nèt nan peyi a. 5 Yon twòn va etabli avèk lanmou dous, e yon jij va chita ak fidelite sou li nan tant [d]David la. Li va chache jistis e va fè vit pou etabli ladwati.

6 [e]Nou konn tande afè ògèy Moab la, yon ògèy ki depase; afè awogans li an, ògèy li a, ak gwo kòlè li a. Pawòl anfle ògèy li pa anyen. 7 Pou sa, Moab va rele anmwey; tout sila nan Moab yo va plenyen anlè. Ou va plenyen pou [f]gato rezen a Kir-Haréseth kon sila konplètman frape yo. 8 Paske chan a Hesbon yo te fennen, ansanm ak chan rezen a [g]Sibma yo. Mèt nasyon yo te kraze gwo grap ki te pi chwazi li yo, ki te rive jis Jaezer e te lonje kote dezè yo. Branch li yo te gaye nèt e te menm pase lòtbò lanmè a. 9 Pou sa, Mwen va [h]kriye byen fò pou Jaezer, pou chan Sibma a. Mwen va tranpe nou nèt ak dlo k ap sòti nan zye m, O Hesbon ak Élealé, paske sou fwi gran sezon nou yo ak rekòlt nou yo gen gwo lagè. 10 [i]Kè kontan ak lajwa sou chan fètil la ale. Nan chan rezen yo tou, p ap genyen chante a, ni gwo kri egzaltasyon yo, ni ouvriye k ap foule diven anba pye li nan peze yo. Mwen te fè kriye sa yo sispann. 11 Pou sa, [j]kè mwen sone tankou ap pou Moab ak santiman anndan mwen pou Kir-Haréseth. 12 Konsa, li va rive ke lè Moab prezante tèt li, lè l fin fatige kò l sou [k]wo plas li e rive nan sanktiyè li a pou fè lapriyè, li p ap reyisi.

13 Se pawòl sa a ke SENYÈ a te pale avan sa sou Moab. 14 Men koulye a, SENYÈ a pale e di: “Avan twazan fin rive, jan yon [l]anplwaye ta konte yo, glwa a Moab la va vin degrade ansanm ak tout gwo kantite pèp li a, e retay li va vin piti e san fòs.”

<- Ésaïe 15Ésaïe 17 ->