1 Mete twonpèt la sou lèv ou yo!
Yon bagay tankou malfini
vini kont lakay SENYÈ a;
akoz yo te transgrese akò Mwen an,
e fè rebèl kont lalwa Mwen an.
2 Yo va rele a Mwen menm:
‘Bondye mwen an, nou menm—Israël—Nou konnen Ou.’
3 Israël te rejte sa ki bon;
lènmi an va kouri dèyè l.
4 Yo vin plase wa yo, men pa selon Mwen menm.
Yo te chwazi prens yo, men pa selon Mwen menm.
Ak [a]ajan ak lò pa yo, yo te fè zidòl pou kont yo,
jis pou yo ta ka koupe retire nèt.
5 Kite Samarie jete [b]jenn bèf li deyò!
Kòlè Mwen ap brile kont yo!
Pou konbyen de tan yo va rete
san kapasite pou pirifye?
6 Paske, sa sòti menm an Israël!
Se yon ouvriye ki fè l. Li pa Bondye.
Anverite, jenn bèf Samarie a va kraze an mòso.[c]
7 Paske [d]yo simen van,
e yo rekòlte [e]toubiyon.
8 Israël vin [f]vale nèt.
Koulye a, se pami nasyon yo ye;
tankou yon [g]veso ki pa bay plezi a okenn moun.
9 Paske yo te monte [h]Assyrie,
kon yon [i]bourik mawon pou kont li.
Éphraïm te achte moun pou l ta renmen ak yo.
10 Malgre yo vann tèt yo pami nasyon yo,
se koulye a, Mwen va ranmase yo.
Yo kòmanse vin [j]febli akoz presyon
a [k]wa de sa yo ak pwisans.
11 Akoz Éphraïm te [l]miltipliye lotèl pou fè peche yo,
Yo te devni lotèl pou li pou peche yo.
12 Malgre sa [m]Mwen te ekri pou li
règleman san fen de [n]Lalwa Mwen yo,
men yo gade yo tankou yon bagay ki dwòl.
13 Pou sakrifis ofrann Mwen yo,
yo fè sakrifis vyann, e yo manje l.
SENYÈ a pa pran okenn plezi nan yo.
Konsa, Li va [o]sonje inikite yo,
e [p]pini peche yo.
Yo va retounen an Egypte.
14 Paske Israël te [q]bliye Kreyatè li.
Li te [r]bati palè yo.
Konsa, Juda te miltipliye vil fòtifye yo;
men Mwen va voye dife sou vil li yo,