1 Lè M [a]ta geri blesi Israël,
inikite a Éphraïm nan vin dekouvri,
ak mechanste a Samarie a tou;
paske yo aji nan [b]manti.
Vòlè a antre,
bandi yo atake pa deyò.
2 Yo pa menm reflechi nan kè yo ke Mwen
[c]Sonje tout mechanste yo.
Alò, zak yo ap antoure yo;
yo devan figi Mwen.
3 [d]Ak mechanste yo, yo fè kè wa a kontan,
epi prens yo, ak [e]manti yo.
4 Yo tout se [f]adiltè;
yo tankou yon fou la
ke bos boulanje sispann chofe,
depi nan lè l ap petri Pat farin nan,
jis rive lè pan an fin leve.
5 Nan jou a wa nou an, prens yo
te fè tèt yo malad ak chalè diven an.
Li te lonje men li ak mokè yo.[g]
6 Paske kè yo vin tankou yon [h]fou
pandan y ap kouche tan moun.
Fachez yo fè gwo touf lafimen tout lannwit.
Nan maten, li brile tankou yon gwo flanm dife.
7 Yo tout cho tankou yon fou.
Yo manje [i]jij yo.
Tout wa yo fin tonbe.
[j]Nanpwen youn pami yo ki rele M.
8 Éphraïm [k]mele li menm ak nasyon yo.
Éphraïm se yon gato ki pa t vire.
9 Etranje yo devore fòs li,
men li pa wè sa a.
Anplis, cheve blanch yo la sou li,
men li pa konnen.[l]
10 Malgre sa [m]ògèy Israël la fè temwaye kont li,
[n]men yo pa retounen kote SENYÈ a, Bondye yo a.
Ni yo pa chache Li, malgre tout sa.
11 Konsa, Éphraïm te vin tankou
yon toutrèl egare, [o]san bon sans.
Yo rele vè Egypte.
Yo ale [p]Assyrie.
12 Lè yo ale, Mwen va ouvri pèlen Mwen sou yo.
Mwen va desann yo tankou zwazo syèl yo.
Mwen va bay yo chatiman,
jan kongregasyon yo a te tande a.[q]
13 Malè a yo menm!
Paske yo te [r]gaye kite Mwen!
Destriksyon pou yo menm,
paske yo te fè rebèl kont Mwen!
Mwen [s]ta rachte yo,
men yo fè manti kont Mwen.
14 [t]Yo pa t kriye a Mwen menm avèk kè yo,
men yo rele fò sou kabann yo.
Yo rasanble tèt yo pou sereyal ak diven nèf.
Men yo [u]vire kite Mwen.
15 Malgre se Mwen ki enstwi ponyèt yo pou yo ta vin fò,
malgre sa, yo [v]fè konplo pou mal kont Mwen.
16 Yo vire, men pa a Sila ki anwo a.
Yo tankou yon banza k ap twonpe moun.
Prens yo va tonbe devan nepe
akoz [w]ensolans a lang yo.