Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

paske li te [a]chire nou,
men Li va geri nou.
Li te blese nou,
men [b]Li va panse nou.
2 Li va [c]fè nou vin refè apre de jou;
Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.
Konsa, nou va viv devan Li.
3 Annou [d]rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.
[e] Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
 
4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?
Kisa pou M fè ak ou, O Juda?
Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,
tankou farinay ki disparèt bonè.
5 Akoz sa, Mwen te taye yo an mòso ak pwofèt yo;
Mwen te touye yo ak [f]pawòl bouch Mwen.
Jijman Ou yo se tankou loray k ap tire.
6 Paske, Mwen [g] pito mizerikòd [h] olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
7 Men [i] yo menm, tankou Adam te [j]kase transgresyon akò a.
La, yo pa t fidèl anvè Mwen.
8 Galaad se yon vil ki plen ak malfektè,
plen ak tach san.[k]
9 Epi tankou bandi k ap tann yon moun;
konsa, yon twoup prèt asasine moun
sou wout pou rive Sichem nan.
Se gwo krim y ap fè.
10 Nan lakay Israël, Mwen te wè yon [l] move bagay.
Gen pwostitisyon nan Éphraïm.
Israël souye pwòp tèt li.
 
11 Ou menm tou, O Juda!
Gen yon [m]rekòlt ki deja apwente pou ou menm,
lè Mwen retabli byennèt pèp Mwen an.

<- Osée 5Osée 7 ->