1 Tande bagay sa a, O prèt yo!
Prete zòrèy ou O lakay Israël!
Koute byen, O lakay wa a!
Paske jijman an se pou ou,
paske ou te yon pèlen nan Mitspa
e yon Filè ouvri sou Thabor.[a]
men Mwen va fè chatiman rive sou Yo tout.
3 Mwen [d]konnen Éphraïm
e Israël pa kache devan M;
paske koulye a, O Éphraïm, ou te jwe pwostitiye.
Israël te souye tèt li.
4 Zak yo p ap pèmèt ke yo retounen jwenn Bondye yo a,
paske, yon [e]lespri pwostitisyon rete anndan yo.
Yo [f]pa konnen SENYÈ a.
5 Anplis, ògèy Israël la temwaye kont li.
Donk, Israël ak Éphraïm va tonbe nan inikite yo.
Anplis, [g]Juda va tonbe avèk yo.
6 Yo va ale avèk bann mouton ak twoupo yo
pou y al chache SENYÈ a,
men yo [h]p ap jwenn Li.
Li te [i]retire tèt Li kite yo.
7 Yo te [j]aji an trèt kont SENYÈ a,
paske yo te fè pitit ilejitim.
Koulye a nouvèl lin nan
va devore yo menm ak chan yo.
8 [k]“Soufle kòn Guibea a, twonpèt Rama a.
Sone alam Beth-Aven nan:
[l]Dèyè ou, Benjamin!
9 Éphraïm va vin yon kote dezole nan [m]jou repwòch la;
Pami tribi Israël yo, Mwen [n]deklare sa ki va rive.
10 Prens a Juda yo te vin tankou sila ki [o]deplase Bòn yo;
Sou yo, Mwen va vide tout
chalè kòlè Mwen an tankou dlo.
11 Éphraïm vin oprime,
Li vin kraze nan jijman an,
[p]akoz li te pran desizyon pou swiv zidòl yo.
12 Akoz sa, mwen vin tankou
yon papiyon twal pou Éphraïm
e tankou pouriti pou lakay Juda.[q]
13 “Lè Éphraïm te wè maladi li a,
e Juda, jan li te blese a;
alò, Éphraïm te ale kote Assyrie.
Li te voye kote Wa Jareb.
Men li p ap ka geri w,
ni li p ap ka fè geri maleng ou an.[r]
14 Paske, Mwen va tankou yon lyon pou Éphraïm,
e Mwen va tankou yon jenn lyon pou lakay Juda.
[s]Mwen menm, Mwen va chire an mòso
e Mwen va ale.
Mwen va pote ale, e [t]p ap gen
moun ki pou delivre.
15 Mwen va ale retounen nan plas Mwen,
jiskaske yo vin [u]rekonèt koupabilite yo,
pou chache fas Mwen.