14
1 [a]Retounen, O Israël, kote SENYÈ, Bondye ou a.
Paske ou te glise tonbe akoz inikite ou.
2 Pran avèk ou menm pawòl yo,
pou retounen kote SENYÈ a.
Di Li: [b]“Retire tout inikite nou yo,
e resevwa nou ak gras Ou,
pou nou ka bay ofrann bèf yo kon ve a lèv nou.
3 Assyrie p ap sove nou.
Nou p ap monte sou cheval;
ni nou p ap di ankò a
[c]zèv men nou yo: “Ou se dye nou.”
Paske nan Ou, òfelen an twouve mizerikòd.”
4 “Mwen va [d]geri enfidelite yo;
Mwen va [e]renmen yo an abondans,
paske kòlè Mwen fin vire lwen yo.
5 Mwen va tankou [f]Lawouze pou Israël;
li va fleri kon flè lis,
e li va anrasine tankou pye sèd a Liban yo.
6 Boujon li yo va vin pete,
e bèlte li va tankou pye doliv etranje a.
Li va santi bon kon bèl odè Liban an.
7 Moun yo va rete nan lonbraj li.
Yo va reprann fòs tankou [g]sereyal ki jwenn lapli;
yo va fleri tankou pye rezen.
Y ap fè bon odè tankou diven Liban an.
8 O Éphraïm! Kisa M gen pou fè ankò ak zidòl?
Se Mwen menm ki okipe l;
Mwen tankou yon pye [h]siprè byen vèt;
nan [i]Mwen, tout fwi ou sòti.”
9 [j]Nenpòt moun ki saj, kite li konprann bagay sa yo;
Sila ki pridan an, kite li konnen yo.
Paske, chemen a SENYÈ yo dwat,
e moun ladwati a va mache ladan yo;
men transgresè yo va glise tonbe nan yo.
<- Osée 13