Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 [a]Lè Éphraïm te pale, te gen tranbleman.

Li te leve tèt li wo an Israël;
men ak Baal, li te fè mal, e li te mouri.
2 Epi koulye a, yo peche plis toujou,
e yo fè pou tèt yo [b]imaj fonn an ajan,
menm zidòl yo selon jan yo konprann.
Yo tout se zèv a mèt ouvriye yo ye.
Yo di a yo menm: “Yo ofri sakrifis imen yo, e bo [c]ti bèf yo!”
3 Akoz sa, yo va tankou [d]nwaj nan maten an
ak lawouze k ap disparèt bonè,
tankou pay ke van pote ale soti nan glasi vannen,
e tankou [e]Lafimen soti nan chemine.
4 Malgre sa, Mwen se SENYÈ, Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la;
epi ou pa pou konnen [f]okenn dye
sof ke Mwen;
paske nanpwen sovè [g]sof ke Mwen.
5 Mwen te [h]pran swen ou nan dezè a,
nan peyi sechrès la.
6 Lè yo te vin jwenn patiraj yo, yo te vin satisfè;
yo te vin satisfè e kè yo te vin ògeye.
Konsa, yo te bliye Mwen.[i]
7 Akoz sa, Mwen va vin [j]tankou yon lyon anvè yo.
Kon yon [k]leyopa, Mwen va kouche
an kachèt bò chemen an.
8 Mwen va rankontre yo [l]kon yon lous
ki fenk fin pèdi pitit li,
e mwen va chire lestomak yo nèt.
Sou plas, Mwen va [m]devore yo tankou
yon manman lyon,
jan yon bèt sovaj ta chire yo.
9 Se destriksyon pa w, O Israël!
Akoz ou kont Mwen, kont [n]sekou ou.
10 Kote [o]wa ou a koulye a,
pou li ta ka sove ou nan tout vil ou yo?
Ak [p]jij ke ou te mande yo: “Ban mwen
yon wa ak prens yo”?
11 Mwen [q]te bay ou yon wa nan kòlè Mwen,
e Mwen te fè l soti nan kòlè Mwen.
12 Inikite a Éphraïm vin ogmante nèt;
peche li vin [r]mete nan depo.
13 Doulè a yon fanm k ap pouse pitit va vini sou li;
se pa [s] yon fis ki saj, k ap rete nan vant
ki ouvri e k ap tann li soti a.
14 Mwen va rachte yo soti
anba pouvwa a Sejou mò yo;
mwen va [t]rachte yo soti anba lanmò.
O lanmò! Kote pikan ou yo?
O Sejou mò yo! Kote destriksyon ou an?
Repantans va vin kache devan zye M.
15 Malgre li pote fwi pami frè li yo,
yon [u]van nan lès va vini;
van SENYÈ a k ap monte soti nan dezè a.
Sous dlo li va vin sèch,
e fontèn dlo li va seche.
Li va [v] piyaje trezò tout bagay ki gen valè.
16 Samarie va pote [w]koupabilite li,
paske li te [x]fè rebèl kont Bondye li a.
Yo va tonbe pa nepe.
Timoun piti yo va vin kraze an mòso,
epi fanm ansent yo va vin dechire nèt.

<- Osée 12Osée 14 ->