Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Éphraïm manje sou van,

e kouri dèyè [a]van lès la.
Li kontinye ap ogmante nan manti ak vyolans.
Anplis, li fè yon akò ak Assyrie
e lwil vin pote an Égypte.
2 Plis toujou, SENYÈ a gen yon kont ak Juda
e Li va pini Jacob [b]selon chemen li yo.
Li va rekonpanse li selon zak li yo.
3 Nan vant manman, li te [c]kenbe frè l pa talon;
epi lè l fin grandi, li te [d]lite ak Bondye.
4 Wi, li te lite ak zanj lan, e li te enpoze l;
li te kriye e li te [e]chache favè li.
Li te jwenn Li Béthel, e se la, Li te pale ak nou.
5 Menm SENYÈ a, Bondye dèzame yo,
SENYÈ a se [f]non Li!
6 Pou sa, retounen kote Bondye ou a,
[g]Swiv ladousè ak lajistis,
e tann Bondye ou a tout tan.
7 Men yon machann, ak [h]fo balans lan nan men l.
Li renmen twonpe moun.
8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.
Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;
Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri
[i]okenn inikite, ki ta peche.”
 
9 Men Mwen menm, SENYÈ Bondye ou,
depi nan peyi Égypte la, va fè ou [j]viv nan tant ankò,
tankou nan jou fèt deziye yo.
10 Anplis, Mwen te pale ak pwofèt yo
e mwen te miltipliye vizyon yo;
epi selon ministè [k]pwofèt yo,
mwen te sèvi [l]parabòl.
11 Èske gen inikite nan Galaad?
Anverite, yo tout san valè.
Nan Guilgal, yo fè sakrifis towo;
wi [m]lotèl pa yo tankou pil wòch nan mitan chan.
12 Alò, Jacob te sove ale nan peyi Aram,
[n]Israël te travay pou resevwa yon madanm.
Pou yon madanm, li te fè gadyen mouton.
13 Epi pa yon [o]pwofèt, SENYÈ a
te mennen Israël sòti an Égypte.
Pa yon pwofèt, li te vin prezève.
14 Éphraïm te pwovoke gwo kòlè amè.
Akoz sa, Senyè li va kite [p]san li koule sou li,
e fè [q]repwòch li tounen sou li.

<- Osée 11Osée 13 ->