OSÉE
1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Osée, fis a Béeri a, pandan jou Ozias yo, Jotham, Achaz, ak Ézéchias, wa a Juda a, e nan tan Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la.
2 Lè SENYÈ a te pale an premye pa Osée, SENYÈ a te di a Osée: “Ale, pran pou ou menm, yon madanm pwostitiye, ak pitit enfidèl yo. Paske [a]peyi a ap komèt gwo pwostitisyon. L ap abandone SENYÈ a.”
3 Konsa, li te ale pran Gomer, fi a Diblaïm nan. Li te vin ansent, e li te fè yon fis pou li.
4 Konsa, SENYÈ a te di li: “Bay li non [b]Jizreel; paske deja nan yon ti tan [c]mwen va vanje san a Jizreel sou lakay Jéhu. Epi sa va koze wayòm lakay Israël la fini. 5 Nan jou sa a, Mwen va [d]kraze banza Israël la nan [e]vale Jizreel la.”
6 Konsa, li te vin ansent ankò, e li te bay nesans a yon fi. Epi SENYÈ a te di li: “Rele li Lo Ruchama, paske Mwen p ap [f]fè konpasyon ankò pou lakay Israël, pou M ta janm padone yo. 7 Men Mwen va genyen konpasyon pou lakay Juda. Yo va [g]delivre pa SENYÈ Bondye yo, a e yo p ap delivre ni pa [h]banza, ni pa nepe, ni pa batay, pa cheval, ni chevalye.”
8 Alò, lè li te fin sevre Lo Ruchama, li te vin ansent, e li te fè yon fis.
9 Epi SENYÈ a te di: “Rele li Lo Ammi, paske nou pa pèp Mwen, ni Mwen pa Bondye nou.” 10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men [i]nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’ 11 Konsa, fis a Juda ak fis Israël yo va vin [j]rasanble ansanm, epi yo va chwazi pou kont yo [k]yon sèl chèf, epi yo va monte depi nan peye a, paske jou a Jizreel la va vreman gran.
Osée 2 ->