1 Alò, menm premye akò a te gen [a]règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. 2 Paske te gen [b]yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.
3 Andedan [c]dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen de Sen yo. 4 Li gen yon [d]lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. 5 Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.[e]
6 Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap [f]toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, 7 men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote [g]san, ke li ofri pou tèt li a ak pou [h]peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.
8 Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; [i]ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. 9 Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a [j]ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, 10 paske yo lye sèlman ak [k]manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou [l]lè tout bagay vin nèf.
11 Men lè Kris te parèt tankou [m]wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men [n]nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.
13 Paske si [o]san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke [p]san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?
15 Pou rezon sila a, Li se [q]medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.
16 Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. 17 Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.
18 Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. 19 Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa [r]li te pran san a towo ak kabrit [s]avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. 20 E konsa li te di: [t]“Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”
21 Menm jan an, li te [u]flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. 22 Epi selon Lalwa, se [v]prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.
23 Konsa, li te nesesè pou kopi [w]a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.
24 Paske Kris [x]pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vrè a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. 25 Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm [y]wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. 26 Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a [z]pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.
27 Epi konsa, jan [aa]sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa [bb]jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou [cc]pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
<- Ebre Yo 8Ebre Yo 10 ->