1 Konsa, frè sen yo, patisipan a yon [a]apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. 2 Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan [b]Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. 3 [c]Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. 4 Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. 5 Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon [d]sèvitè [e]pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; 6 Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. [f]Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
7 Konsa, jan Lespri Sen an di a:
12 [l]Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men [m]ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa [n]sediksyon peche a.
14 Paske nou gen tan devni patisipan an Kris [o]si nou kenbe fèm a premye [p]asirans nou an jiska lafen; 15 Pandan ke li di:
16 Paske kilès ki te [r]fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo [s]ke kò yo te tonbe nan dezè a?
18 Epi a kilès Li te sèmante ke yo [t]pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
19 Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz [u]enkwayans yo.
<- Ebre Yo 2Ebre Yo 4 ->