1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou [a]nou pa vin vag sou li.
2 Paske si pawòl ki te pale pa [b]zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 [c]kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?
5 Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou [e]monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, 6 men youn te temwaye yon kote, pou di:
9 Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, [i]akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.
10 Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi [j]pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou [k]rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.
11 Paske Sila ki [l]fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. 12 Li di:
13 Epi ankò:
14 Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje [p]chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kase pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; 15 e ki ta kapab delivre tout sila ki akoz[q]perèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.
16 Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.
17 Pou sa ta vin rive, li te [r]oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè [s] yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. 18 Paske akoz ke Li menm te [t]tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.
<- Ebre Yo 1Ebre Yo 3 ->