Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi [a]mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus [b]fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te [c]sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

3 Paske [d]konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

4 [e]Nou poko reziste jis rive [f]pou rann san nan lit nou kont peche. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

[g]“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 [h]Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

7 Se pou disiplin ke nou andire. [i]Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin [j]kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vrè fis.

9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a [k]Papa a tout lespri yo, e [l]viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou [m]pou nou kapab pataje sentete Li a.

11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay [n]fwi lapè ladwati a.

12 Konsa [o]ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, 13 epi [p]fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri.

14 [q]Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn [r]rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin [s]konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen [t]san Bondye tankou Esaü [u]ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, [v]lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.

18 Paske nou pa t vin kote [w]yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt 19 ni a [x]gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap [y]mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. 20 Paske yo pa t kapab sipòte dekrè lan: [z]“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” 21 Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: [aa]“Mwen plen lakrent ak tranbleman”.

22 Men [bb]nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak [cc]vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo [dd]ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus [ee]medyatè yon akò tounèf la, e anvè [ff]san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te [gg]avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: [hh]“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”

27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke [ii]va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon [jj]wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske [kk]Bondye nou an se yon dife k ap devore.

<- Ebre Yo 11Ebre Yo 13 ->