Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, lafwa se [a]asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te [b]vin apwouve.

3 Pa lafwa nou konprann ke [c]mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

4 Pa lafwa [d]Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

5 Pa lafwa [e]Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki [f]vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

7 Pa lafwa [g]Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

8 Pa lafwa [h]Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan [i]peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache [j]vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

11 Pa lafwa, menm [k]Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e [l]li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif [m]kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

13 Tout sila yo te mouri nan lafwa [n]san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo [o]te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a [p]yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon [q]peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske [r]Li te prepare yon vil pou yo.

17 Pa lafwa [s]Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te [t]resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: [u]“Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”

19 Men li te konsidere ke [v]Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vreman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. 20 Pa lafwa [w]Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.

21 Pa lafwa [x]Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.

22 Pa lafwa [y]Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.

23 Pa lafwa [z]Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè [aa]lòd wa a.

24 Pa lafwa, Moïse [bb]lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito [cc]sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te [dd]konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.

27 Pa lafwa, li te [ee]kite Égypte, san [ff]krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28 Pa lafwa, li te [gg]fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. 29 Pa lafwa yo te [hh]travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. 30 Pa lafwa [ii]miray Jéricho yo te tonbe [jj]apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.

31 Pa lafwa [kk]Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon [ll]Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te [mm]resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te [nn]etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.

35 [oo]Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm [pp]chenn ak prizon tou.

37 Yo te [qq]lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te [rr]gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.

39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo [ss]pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon [tt]pi bon pwovizyon pou nou menm [uu]pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

<- Ebre Yo 10Ebre Yo 12 ->