1 Alò, lòm nan te vin nan relasyon avèk madanm li, Ève. Li te vin ansent e li te vin kouche fè Cain. Konsa, li te di: “Mwen gen tan fè yon ti nonm avèk èd SENYÈ a:” 2 Ankò, li te bay nesans a frè li, Abel. Epi [a]Abel se te yon bèje bann mouton, men Cain t ap laboure tè a.
3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 [b]Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.
6 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “[d]Poukisa ou fache konsa? Epi poukisa figi ou vin ba konsa? 7 Si ou fè sa ki bon èske figi ou p ap leve ankò? [e]Epi si ou pa fè sa ki bon, peche ap kouche devan papòt ou. Dezi li se pou ou, [f]men ou oblije vin mèt li.”
8 Cain te di frè l la, Abel, “An ale nan chan.” Epi li te vin rive ke pandan yo te nan chan an, Cain te leve kont Abel, frè l la, e li te [g]touye li.
9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “[h]Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
10 Li te di: “Kisa ou te fè la a? [i]Vwa san a frè ou a ap rele ban Mwen sòti nan tè a. 11 Koulye a [j]ou modi, soti nan tè a, ki te ouvri bouch li pou resevwa san Abel nan men ou an. 12 Depi koulye a, [k]lè ou kiltive tè a, li p ap bay ou fòs li ankò. Ou va vin yon vagabon k ap mache toupatou sou latè.”
13 Cain te di a SENYÈ a: “Pinisyon mwen an twò di pou m sipòte! 14 Byen gade! Jodi a ou gen tan pouse m kite sifas tè a. Konsa, fas ou p ap wè m; [l]mwen va vin yon vagabon k ap plede mache toupatou sou latè, e [m]nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m.”
15 Alò, SENYÈ a te di li: “Pou sa, nenpòt moun ki touye Cain, vanjans va tonbe sou li [n]sèt fwa plis.” Epi SENYÈ a te chwazi yon sign pou Cain, dekwa ke pèsòn ki jwenn li pa ta touye l. 16 Konsa, Cain te sòti de prezans [o] SENYÈ a, e li te al rete sou teren Nod nan pati lès Eden an.
17 Cain te antre an relasyon avèk madanm li. Li te vin ansent, e li te bay nesans a Hénoc; epi li te bati yon vil. Li te bay vil la non Henoc, menm non ak fis li a. 18 Alò, Hénoc te fè Irad, e Irad te devni papa a Mehujaël, Mehujaël te vin papa a Metuschaël, e Metuschaël te vin papa a Lémec.
19 Lémec te pran pou li [p]de madanm: youn yo te rele Ada, e non a lòt la se te Tsilla. 20 Ada te bay nesans a Jabal. Li te papa a tout sila ki te rete nan tant yo, e ki te okipe bèt yo. 21 Frè li a te rele Jubal. Li te papa a tout sila ki te jwe ap avèk shaloumo yo. 22 Epi pou Tsilla, li te bay nesans a Tubal-Cain, yon bòs fòjewon ki fè zouti avèk bwonz ak fè. Sè a Tubal Cain an se te Naama.
23 Lémec te di a madanm li yo:
25 Adam te antre an relasyon ankò avèk madanm li, epi li te bay nesans a yon fis. Li te rele li Seth, paske li te di “Bondye te chwazi ban mwen yon lòt fis nan plas Abel, [s]paske Cain te touye li”. 26 Pou Seth, li menm, li te bay nesans a [t]yon fis, epi li te rele non li Énosch.