1 Alò, Bondye te di a Jacob: “Leve ale [a]Béthel e rete la. Fè yon lotèl la pou Bondye ki te parèt devan ou [b]lè ou te sove ale sou frè ou a, Ésaü.”
2 Alò, Jacob te di moun lakay li yo, ak tout sa ki te avè l yo: “Mete deyò tout [c]dye etranje yo ki pami nou, pirifye nou, e chanje rad nou. 3 Annou leve monte Béthel. Mwen va fè yon lotèl la pou Bondye, [d]ki te reponn mwen nan jou detrès mwen an, e ki te [e]avèk mwen nan tout kote ke m te konn ale yo.” 4 Alò, yo te bay Jacob tout dye etranje ke yo te genyen yo, ak zanno ki te nan zòrèy yo, e Jacob te antere kache yo anba chenn ki te toupre Sichem nan. 5 Pandan yo t ap vwayaje, yon [f]gwo laperèz te vin sou vil ki te ozanviwon yo, e yo pa t swiv fis a Jacob yo.
6 Alò, Jacob te vini [g]Luz (sa vle di, Béthel), ki nan peyi Canaan an, li menm avèk tout moun ki te avèk li yo. 7 [h]Li te bati yon lotèl la, e li te rele plas la, El-Béthel, akoz ke se la Bondye te revele Li menm a li lè li te sove ale kite frè l la.
8 Alò, Débora, nouris Rebecca a, te mouri, e li te antere anba Béthel anba chenn nan. Bwa sa a te rele Allon-bacuth (ki vle di chenn k ap kriye a).
9 Alò, Bondye te vin parèt a Jacob ankò lè li te sòti Paddan-Aram, e Li te [i]beni li. 10 [j]Bondye te di li: “Non ou se Jacob. Yo p ap rele ou Jacob ankò, men Israël va non ou.” Konsa li te rele li Israël.
11 Bondye osi te di li: “Mwen se Bondye Toupwisan an. [k]Fè fwi, e vin miltipliye. Yon nasyon ak yon [l]gwo konpanyen nasyon va soti nan ou, e wa yo va sòti nan ou. 12 [m]Peyi ke M te bay Abraham, ak Isaac la, Mwen va ba ou li, ak desandan apre ou yo.” 13 Konsa, [n]Bondye te monte kite li nan plas kote Li te pale avèk li a.
14 Jacob te etabli yon [o]pilye nan plas kote Li te pale avèk li a, yon pilye wòch. Li te vide yon bwason kòm ofrann sou li; epi osi li te vide yon lwil sou li. 15 Alò, Jacob te nonmen plas kote Bondye te pale avèk li a [p]Béthel. 16 Yo te vwayaje sòti Béthel. Lè te toujou gen yon distans pou rive [q]Éphrata, Rachel te kòmanse fè pitit li, e li te soufri yon doulè ki te difisil. 17 Lè li te nan doulè rèd konsa, fanm saj la te di l: “Pa pè koulye a, paske [r]ou va gen yon lòt gason.”
18 Li te rive, ke pandan nanm li t ap pati (paske li t ap mouri), ke li te nonmen li Ben-Oni; men papa li te rele li Benjamin.
19 [s]Rachel te mouri e li te antere nan wout pou ale Éphrata a (sa vle di, Bethléem). 20 Jacob te monte yon pilye sou tonm li an, e sa se [t]pilye a tonm Rachel jiska jounen jodi a.
21 Israël te avanse e li te monte tant li an pi lwen [u]tou Migdal-Éder a. 22 Konsa, li te rive ke pandan Israël t ap viv nan peyi a, [v]Reuben te ale kouche avèk Bilha, youn nan fanm a papa li yo, e Israël te tande koze sa a. Alò, te gen douz fis fèt pa Jacob— 23 [w]fis a Léa yo: Reuben, premye ne a Jacob la, ak Siméon, Lévi, Juda, Issacar avèk Zabulon, 24 [x]fis a Rachel yo: Joseph avèk Benjamin; 25 [y]fis a Bilha yo, sèvant Rachel la: Dan avèk Nephthali; 26 [z]fis Zilpa yo, sèvant Léa a: Gad avèk Aser. Sa yo se fis Jacob yo ki te fèt a li menm nan Paddan-Aram.
27 Jacob te vini vè papa li, Isaac nan [aa]Mamré pou [bb]Kirjath-Arba (ki se Hébron), kote Abraham avèk Isaac te demere a.
28 Alò, jou Isaac yo te [cc]san-katre-ven ane. 29 Isaac te rann dènye souf li. Li te mouri, e li te [dd]rasanble vè moun li yo, yon granmoun anpil laj. Konsa, Ésaü avèk Jacob te antere li.
<- Jenèz 34Jenèz 36 ->