Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò Abraham te vwayaje soti la [a]vè peyi Negev la. Li te vin rete antre Kàdes ak Schur, e li te pase yon tan kon etranje nan [b]Guérar. 2 Abraham te di selon Sarah, madanm li: “[c]Li se sè mwen”. Alò, Abimélec, wa nan [d]Guérar a te vin pran Sarah.

3 Men Bondye te vini a Abimélec nan yon rèv nan nwit, e Li te di li: “Veye byen, [e]ou se yon moun ki fin mouri akoz fanm ke ou te pran an, paske li marye.”

4 Alò, Abimélec pa t gen tan pwoche li, epi li te reponn: “Senyè, [f]èske Ou va detwi yon nasyon, malgre li san fot? 5 Èske [g]li menm, li pa t di mwen: ‘Li se sè mwen?’ Epi li menm, li te di: ‘Li se frè m.’ Nan entegrite kè m, ak inosans men m, mwen te fè sa.”

6 Konsa, Bondye te di li nan rèv la: “Wi, Mwen konnen ke nan entegrite kè ou, ou te fè sa, e Mwen osi te anpeche ou pou ou pa t peche kont Mwen. Se pou sa Mwen [h]pa t kite ou touche li. 7 Alò, pou sa, remèt madanm a nonm sa a. Paske [i]se yon pwofèt ke li ye. Li va priye pou ou e ou va viv. Men si ou pa remèt li, konnen ke ou va anverite mouri, ou menm avèk tout moun sa yo ki pou ou yo.”

8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.

9 [j]Alò, Abimélec te rele Abraham. Li te di li: “Kisa ou te fè nou? Epi kijan mwen te peche kont ou ke ou te pote sou mwen ak wayòm mwen yon gran peche? Ou te fè m bagay ou pa ta janm dwe fè.”: 10 Epi Abimélec te di a Abraham: “Sak rive ou ki fè ou fè bagay sa a?”

11 Abraham te di: “Paske, mwen te reflechi ke asireman, pa gen [k]lakrent Bondye nan plas sa a, e [l]yo va touye mwen akoz madanm mwen. 12 Anplis de sa, vrèman li se sè mwen, fi a papa m, men pa fi a manman m, e li te vin madanm mwen. 13 Lè li te rive ke [m] Bondye te fè m vwayaje pou kite kay papa m, mwen te di li: ‘Men yon gras ke ou va fè m: tout kote nou ale, di pa mwen menm: ‘Li se frè m.’’ ”

14 Konsa, [n]Abimélec te pran mouton avèk bèf avèk sèvitè li yo, mal ak femèl. Li te bay yo a Abraham, e li te remèt madanm li, Sarah bay li.

15 Abimélec te di: “[o]Byen gade, peyi mwen an devan ou. Etabli ou kote ou pito.”

16 A Sarah, li te di: “Byen gade, mwen te bay [p]frè ou mil pyès an ajan. Veye byen, li se revandikasyon ou devan zye tout moun ki avèk ou. E devan tout, ke ou egzonore.”

17 [q]Abraham te priye a Bondye, e Bondye te geri Abimélec avèk madanm li, avèk mennaj li yo, pou yo te vin fè pitit. 18 [r]Paske SENYÈ a te fèmen vant yo a tout kay Abimélec la akoz Sarah, madanm Abraham nan.

<- Jenèz 19Jenèz 21 ->