1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout [a]lame yo.
2 Nan [b]setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.
4 [c]Sa se listwa syèl yo avèk tè a lè yo te kreye, nan jou ke SENYÈ Bondye a e fè tè a avèk syèl la. 5 [d]Alò potko gen ti bwa chan ki te parèt nan tè a, ni plant chan ki te boujonnen, paske Senyè Bondye a potko voye lapli sou tè a, e pa t gen moun pou kiltive tè a. 6 Men yon vapè te konn leve sòti nan tè a pou wouze tout sifas li. 7 Alò Senyè Bondye a te fòme lòm sòti nan [e] pousyè tè a. Li te respire souf lavi fè l vin antre nan nen l, e [f]lòm te devni yon nanm vivan.
8 Senyè Bondye a te plante yon [g]jaden nan pati lès Eden, e se la Li te mete lòm ke Li te fòme a. 9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen [h]ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
10 Alò, yon [i]rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi [j]Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè [k]Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se [l]Euphrate.
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
16 Senyè Bondye a te [m]kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, [n]ou va mouri.”
18 Alò, Senyè Bondye a te di: “Sa pa bon pou lòm nan rete sèl. Mwen va [o]fè yon asistan jan li dwe genyen”.
19 [p]Sòti nan tè a, Senyè Bondye a te fòme chak bèt chan ak chak zwazo syèl la, e Li te mennen yo kote lòm po wè kòman li ta rele yo. Nenpòt jan li te rele yon kreyati vivan, sa te vin non li. 20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon [q]asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon [r]Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk [s]kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
23 Lòm nan te di: “[t]Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.
24 [u]“Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.” 25 [v]Epi lòm nan avèk fanm nan te toutouni, e yo pa t wont.
<- Jenèz 1Jenèz 3 ->