Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

GALAT YO

1 Mwen, Paul, yon apot [a]ki pa t voye pa lèzòm, ni pa okenn ajans lòm, men pa Jésus Kri, ak Bondye Papa a, ki te fè L leve soti nan lanmò— 2 ak tout frè ki avèk mwen yo; a tout [b]legliz nan Galatie yo: 3 [c]Gras pou nou menm ak lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou an, ak Senyè a, Jésus Kri, 4 ki [d]te bay tèt li pou peche nou yo, pou Li ta kapab delivre nou de tan mechan sila a, selon volonte [e]Bondye ak Papa nou an. 5 A li menm laglwa pou tout tan. Amen.

6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou [f]yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap [g]twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen [h]yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si [i]yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

10 Alò, èske koulye a mwen ap chache favè lòm, oubyen Bondye? Oubyen èske m ap fòse fè lòm plezi? Si mwen t ap toujou eseye fè lòm plezi, mwen pa t ap yon [j]sèvitè a Kris la.

11 Paske [k]mwen ta fè nou konnen, frè m yo, ke levanjil ki te preche pa mwen menm nan se pa selon lòm. 12 Paske mwen pa t ni resevwa l soti nan lòm, ni mwen pa t enstwi pou li, men mwen te resevwa l atravè yon [l]revelasyon a Jésus Kri. 13 Paske, nou konn tande listwa a [m]fason lavi mwen nan lafwa Jwif la; jan mwen te konn pèsekite legliz a Bondye a depase limit, e te eseye detwi li. 14 Konsa, mwen t ap avanse nan relijyon Jwif la depase anpil nan moun Jwif parèy mwen yo akoz ke mwen te ekstrèmman zele pou [n]tradisyon zansèt mwen yo. 15 Men lè Bondye, ki te mete m apa depi nan vant manman m nan, e [o]te rele mwen selon gras Li a, te kontan 16 pou revele Fis Li a nan mwen menm, pou mwen ta kapab [p]preche li pami pèp etranje yo, mwen pa t nan moman sa a konsilte avèk chè ak san. 17 [q]Ni mwen pa t monte Jérusalem pou jwenn sila ki te apot avan mwen yo, men mwen te ale an Arabie, e mwen te retounen yon fwa ankò vè Damas.

18 Answit [r]twaz an pita, mwen te monte [s]Jérusalem pou fè konesans ak Céphas, e te rete avèk li pandan kenz jou. 19 Men mwen pa t wè okenn nan lòt apot yo eksepte [t]Jacques, frè a Senyè a. 20 (Alò, nan sa ke m ap ekri nou an, mwen bannou asirans [u]devan Bondye ke mwen p ap bay manti.) 21 Konsa [v]mwen te ale nan rejyon Syrie ak Cilicie. 22 Mwen te toujou enkoni devan zye a [w]legliz Judée ki te an Kris yo, 23 men sèlman, yo te kontinye tande: “Sila ki te konn pèsekite nou an koulye a ap preche lafwa ke avan li te [x]eseye detwi a.” 24 Konsa, yo [y]t ap bay Bondye glwa akoz de mwen menm.

Galat Yo 2 ->