Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote Mwen. Li te di: 2 “Fis a lòm, mete figi ou kont [a]Mòn Séir e pwofetize kont li. 3 Di li:

‘Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, Mwen kont ou, Mòn Séir,
Mwen va lonje men M kont ou
pou fè ou vin yon [b]dezolasyon ak yon dezè.
4 Mwen va fè [c]devaste vil ou yo
e ou va vin Yon dezolasyon.
Konsa, ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

5 “ ‘ “Paske ou te gen [d]rayisman san rete, e ou te livre fis Israël yo anba pouvwa nepe a nan lè malè yo, nan lè gwo pinisyon lafen an. 6 Akoz sa, jan Mwen viv la”, deklare Senyè BONDYE a: “Mwen va livre ou a [e]san vèse, san vèse va swiv ou. Akoz ou pa t rayi san vèse, pou sa, san vèse va swiv ou. 7 Mwen va fè Mòn Séir vin yon dezè ak yon kote dezole. Mwen va dekoupe retire nèt sou li sila k ap pase antre retou ladann li. 8 Mwen va [f]plen mòn li yo ak kadav li yo. Sou kolin ou yo, nan vale ou yo ak nan tout ravin ou yo, sila ki mouri pa nepe yo va tonbe. 9 Mwen va fè ou vin yon [g]dezolasyon jis pou tout tan e vil ou yo p ap gen moun menm. Konsa ou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.

10 “ ‘ “Akoz ou te [h]di: ‘ De(2) Nasyon sila yo ak de(2) peyi sa yo va pou mwen e nou va posede yo,’ sepandan, SENYÈ a te la, 11 Jan Mwen viv la”, deklare Senyè Bondye a: “Mwen va regle ou [i]selon kòlè ou ak selon jalouzi ke ou te montre, akoz rayisman ou kont yo. Konsa, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt pami yo lè M jije ou. 12 Nan lè sa a, ou va konnen ke Mwen menm, SENYÈ a, te tande tout vye mo ou yo; sa ke ou te pale kont mòn Israël yo lè ou te di: ‘Yo fin dezole nèt. Yo fin [j]livre nan men nou pou manje nèt.’ 13 Konsa, ou te [k]pale ak awogans kont Mwen e ou te miltipliye pawòl ou yo kont Mwen. Mwen te tande sa.” 14 Konsa pale Senyè BONDYE a: [l]“Pandan tout tè a ap rejwi, Mwen va fè ou vin yon dezolasyon. 15 Jan ou te rejwi sou eritaj lakay Israël akoz li te dezole a, se [m]konsa Mwen va fè ou menm. Ou va vin yon dezolasyon, O Mòn Séir! Ak tout Édom, yo tout ladann. Nan lè sa a, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a.’ ”

<- Ézéchiel 34Ézéchiel 36 ->