Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Epi pawòl SENYÈ a te rive kote mwen. Li te di: 2 Fis a lòm, mete figi ou vè [a]fis a Ammon yo e pwofetize kont yo, 3 Di a fis a Ammon yo: ‘Tande pawòl Senyè BONDYE a! Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz ou te di: ‘Ha ha!’ kont sanktyè Mwen an lè li te vin pwofane a, kont peyi Israël lè l te vin dezole nèt la, e kont lakay Juda lè l te antre an egzil la, 4 pou sa, gade byen, Mwen va bay ou menm a [b]fis lès yo pou yo genyen ou nèt. Yo va mete kan yo pami ou e fè anplasman yo pami ou. Y ap manje fwi ou yo e bwè lèt ou yo. 5 Mwen va fè [c]Rabba vin yon patiraj pou chamo e fis a Ammon yo vin yon kote pou fè pak pou bann mouton. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.” 6 Paske konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te [d]bat men nou, frape pye nou atè e te rejwi ak tout mepriz ki te nan kè nou kont peyi Israël, 7 pou sa, gade byen, Mwen te lonje men M kont nou e Mwen va bay nou kon [e]piyaj a nasyon yo. Epi Mwen va koupe retire nou nèt de pèp yo, e fè nou peri soti nan peyi yo. Mwen va detwi nou. Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

8 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz [f]Moab ak Séir di: ‘Gade byen, lakay Juda a tankou tout nasyon yo,’ 9 pou sa, gade byen, Mwen prive vil li yo de pòsyon bò kote yo, vil ki sou fwontyè li yo, ki se glwa a tout peyi a; [g]Beth-Jeschimoth Baal-Meon, ak Kirjathaïm, 10 epi Mwen va bay li kon posesyon ansanm avèk [h]fis a Ammon yo bay fis a lès yo, pou fis a Ammon pa vin sonje menm pami nasyon yo. 11 Konsa, Mwen va egzekite jijman sou Moab, epi yo va [i]konnen ke Mwen se SENYÈ a.”

12 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz [j]Édom te aji kont lakay Juda lè l te pran vanjans, e te vin koupab anpil nan vanje tèt yo sou yo,” 13 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Mwen va osi [k]lonje men M kont Édom e koupe retire nèt ni lòm ni bèt sou li. Mwen va fè dega ladann nèt. Soti nan Théman, jis rive nan Dedan, yo va tonbe pa nepe. 14 [l]Mwen va poze vanjans Mwen sou Édom pa men a pèp Mwen an, Israël. Pou sa, yo va aji nan Édom selon mekontantman Mwen e selon chalè kòlè Mwen. Konsa, yo va vin konnen vanjans Mwen an,” deklare Senyè BONDYE a.

15 “ ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Akoz Filisten yo te aji ak [m]vanjans e te pran vanjans yo avèk tout mepriz a nanm pou detwi ak yon rayisman etènèl,” 16 akoz sa, konsa pale Senyè BONDYE a: “Gade byen, Mwen va lonje men M kont Filisten yo, menm koupe retire [n]Keretyen yo nèt, e detwi retay ki bò kot lanmè a. 17 Mwen va egzekite gwo vanjans sou yo ak repwòch ki plen ak chalè kòlè Mwen. Epi yo va [o]konnen ke Mwen se SENYÈ a lè Mwen poze vanjans Mwen sou yo a.” ’ ”

<- Ézéchiel 24Ézéchiel 26 ->