Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, Li te di a Moïse: [a]“Vin monte vè SENYÈ a, ou menm avèk Aaron, Nadab, Abihu avèk swasann-dis nan ansyen Israël yo, e nou va adore a yon distans. 2 Men se sèl Moïse k ap vin toupre SENYÈ a, men yo menm p ap vin pre. Pèp la p ap monte avèk li.”

3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: [b]“Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 4 [c]Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, [d] yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.

6 [e]Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran [f]liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

8 Alò, [g]Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

9 Alò, Moïse te pran Aaron, [h]Nadab, Abihu, ak swasann-dis nan ansyen Israël yo pou monte. 10 [i]Yo te wè Bondye Israël la. Anba pye li, te parèt yon choz tankou yon pave ki fèt an safì, klè tankou syèl la menm. 11 Malgre Li pa t lonje men Li kont prens Israël sa yo. [j]Yo te wè Bondye, yo te manje e yo te bwè.

12 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Vin monte vè Mwen nan mòn nan e rete la, epi [k]Mwen va bay ou tab wòch yo avèk lalwa ak kòmandman ke M te ekri pou enstwi yo.”

13 Alò, Moïse te leve avèk [l]Josué, sèvitè li a, e Moïse te monte nan [m]mòn Bondye a. 14 Men a ansyen yo li te di: “Tann isit la pou nou jis lè nou retounen kote nou. Epi gade byen, [n]Aaron avèk Hur isit avèk nou. Nenpòt moun ki genyen yon pwosè lalwa kapab pwoche yo.”

15 Alò Moïse te monte nan mòn nan, e [o]nwaj la te kouvri mòn nan.

16 [p]Glwa SENYÈ a te rete sou Mòn Sinai a, e nwaj la te kouvri li pandan sis jou. Nan setyèm jou a, Li te rele Moïse soti nan mitan nwaj la.

17 Nan zye a fis Israël yo, aparans glwa SENYÈ a te tankou yon [q]dife ki t ap ravaje sou tèt mòn nan.

18 Moïse te antre nan mitan nwaj la pandan li te monte sou mòn nan. Konsa, Moïse te rete sou mòn nan pandan [r]karant jou ak karant nwit.

<- Egzòd 23Egzòd 25 ->