18 SENYÈ a va renye pou tout tan, e pou tout tan.”
19 Paske cheval Farawon yo avèk cha li yo avèk mèt cheval li yo te antre nan lanmè a, e SENYÈ a te fè dlo lanmè a retounen sou yo. Men fis Israël yo te mache nan [v]tè sèch nan mitan lanmè a.
20[w]Marie, pwofetès ak sè Aaron an te pran tanbouren an nan men l. Tout fanm yo te sòti dèyè li avèk tanbouren yo. Yo t ap danse. 21 Marie te reponn yo:
Cheval la avèk Mèt Cheval la Li te voye yo nan lanmè.”
22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan [y]dezè [z]Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan [aa]Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te [bb]plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”
25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.
La menm, Li te [cc]fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo [dd]pase a leprèv. 26 Li te di: [ee]“Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a [ff]kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”
27 Alò, yo te rive nan [gg]Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.