Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, wa a avèk Haman te vini pou bwè diven an avèk Esther, rèn nan. 2 Konsa, wa a te di a Esther ankò nan dezyèm jou a pandan yo t ap bwè diven pa yo nan bankè a, [a]“Se ki petisyon ou an, rèn Esther? Li va bay a ou menm. Se kisa ke w ap mande a? Menm jis rive mwatye wayòm nan, li va fèt.”

3 Rèn Esther te reponn: [b]“Si mwen te jwenn favè nan zye ou, O wa, e si se plezi a wa a, ban mwen lavi mwen kon petisyon mwen an, avèk pèp mwen an, se sa ke mwen mande. 4 Paske [c]nou te fin vann mwen menm avèk pèp mwen an, pou nou fin detwi, [d]pou touye e anile nèt. Alò, si se te sèlman ke nou te vann kon esklav, gason kon fanm, mwen ta rete an silans, paske twoub la pa t ap merite ke m ta twouble wa a.”

5 Konsa, Wa Assuérus te mande rèn Esther, “Ki moun li ye e kibò li ye, ki ta pwopoze fè afè sila a?”

6 Esther te di: [e]“Yon oprimè avèk yon lènmi, se mechan Haman sila a!”

Pou sa a, Haman te vin ranpli avèk laperèz devan wa a avèk rèn nan. 7 Wa a nan kòlè li [f]te leve kite bwè diven an, e te antre nan jaden palè a. Men Haman te rete pou mande Esther sekou pou lavi li, paske li te wè wa a te vin gen entansyon fè l move bagay. 8 Alò, lè wa a te retounen sòti nan jaden palè a pou l antre nan plas kote yo t ap bwè diven an, Haman t ap tonbe sou [g]sofa kote Esther te ye a. Konsa, wa a te di: “Èske li va menm vyole rèn nan pandan m la nan kay la?” Depi pawòl la te kite bouch a wa a, yo te kouvri figi a Haman.

9 Alò Harbona, youn nan enik yo devan wa a te di: “Gade byen, anverite, [h]men wo etaj senkant koude nan wotè ki kanpe kote kay Haman an, ke li te fè pou Mardochée ki te pale byen pou wa a!”

Epi wa a te di: “Pann li sou li!”

10 [i]Konsa, yo te pann Haman sou wo etaj ke li te prepare pou Mardochée a e kòlè a wa a te vin bese.

<- Esther 6Esther 8 ->