1 [a]Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 [b]Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te [c]bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
3 Men ni [d]imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. 4 Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
5 Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
6 [e]Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa [f]vin yon pati ak yo. 8 Paske avan sa nou [g]te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. 9 Paske [h]fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10 [i]ki fè prev de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan [j]zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans [k]ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13 Men tout bagay vin vizib [l]lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14 Pou rezon sa a Li di:
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou [n]mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 [o]Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men [p]konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi [q]pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 [r]Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 [s]Toujou bay remèsiman a [t]Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21 [u]avèk sumisyon youn lòt nan [v]lakrent Kris la.
22 [w]Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske [x]mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25 [y]Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 [z]pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin [aa]sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi [bb]renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se [cc]manm a kò Li. 31 [dd]“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe [ee]respekte mari li.
<- Efezyen Yo 4Efezyen Yo 6 ->- a Mat 5:48
- b Wo 14:15
- c Gal 2:20
- d Kol 3:5
- e Kol 2:8
- f Ef 3:6
- g Ef 2:2
- h Gal 5:22
- i Wo 12:2
- j Wo 13:12
- k I Tim 5:20
- l Jn 3:20
- m És 51:17
- n Ef 5:2
- o Kol 4:5
- p Wo 12:2
- q Pwov 20:1
- r Kol 3:16
- s Wo 1:8
- t I Kor 15:24
- u Gal 5:13
- v II Kor 5:11
- w Ef 5:22—6:9; Kol 3:18—4:1
- x I Kor 11:3
- y Ef 5:28,33; Ef 5:2
- z Tit 2:14
- aa Ef 1:4
- bb Ef 5:25
- cc I Kor 6:15
- dd Jen 2:24
- ee I Pi 3:2,5