Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Pou rezon sa a, mwen, Paul [a]prizonye a Kris Jésus a, pou koz a nou, pèp etranje yo, 2 si vrèman nou te tande de [b]jerans a gras Bondye ke mwen te resevwa pou livre bay nou an, 3 ke [c]pa revelasyon mwen te vin konnen mistè a, sou ki mwen te deja ekri kèk mo a. 4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan [d]mistè a Kris la, 5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a [e]sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.[f] 7 [g]Sou pwomès sa a, mwen te vin yon sèvitè selon don lagras Bondye a, ke m te resevwa selon travay pouvwa Li a. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout [h]richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a [i]mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab [j]vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout [k]pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 [l]Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an. 12 Nan [m]Li menm, nou gen kouraj pa lafwa pou apwoche Li ak konfyans. 13 Konsa, mwen mande nou pou nou pa dekouraje nan tribilasyon m ap pase[n]pou nou yo, paske yo se glwa nou.

14 Pou rezon sila a, mwen [o]koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo [p]sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen [q]lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.

20 Koulye a, a Li menm ki [r]kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 [s]a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.

<- Efezyen Yo 2Efezyen Yo 4 ->