Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Veye pa ou yo pandan w ap desann lakay Bondye a, e vin toupre pou koute olye [a]ofri sakrifis a moun ensanse yo. Paske yo pa konnen ke se mal y ap fè. 2 Pa [b]fè vit avèk pawòl ou, ni kouri twò vit pou soulve yon refleksyon devan prezans Bondye. Paske Bondye nan syèl la, e ou sou tè a; pou sa pa kite pawòl ou yo vin anpil. 3 Paske rèv la vin akonpli ak anpil travay; e vwa a yon [c]moun ensanse, ak anpil pawòl. 4 Lè ou [d]fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5 Li [e]pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l. 6 Pa kite pawòl ou yo fè ou fè peche, e pa di nan prezans a mesaje Bondye a ke ou te mal pale. Poukisa Bondye ta dwe vin fache akoz vwa ou, e detwi tout zèv men ou yo? 7 Paske nan fè anpil rèv ak nan anpil pawòl, gen yon gwo vid. Pito [f]gen lakrent Bondye.

8 Si ou wè malere a vin oprime e [g]pa gen lajistis nan pwovens yo, pa sezi lè ou wè l. Paske gen chèf sou chèf, e gen chèf pi wo sou yo. 9 Apre tout bagay, yon wa ki kiltive latè se yon avantaj pou peyi a.

10 [h]Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite. 11 [i]Lè bon bagay ogmante, sila ki manje yo ogmante. Konsa, pa gen lòt avantaj pou mèt yo, sof ke kanpe veye?

12 Dòmi a ouvriye a [j]dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.

13 Gen yon gwo mechanste ke m konn wè anba solèy la: [k]richès sere pa mèt li jiskaske li rive donmaje pwòp tèt li. 14 Lè richès sa yo te pèdi akoz yon move envestiman, e li vin papa a yon fis; alò, nanpwen anyen pou ba li. 15 Kon li soti nan vant manman li toutouni an; se konsa li va retounen jan li te sòti a. Li p ap [l]pote anyen nan men l kon fwi travay li. 16 Sa anplis se yon gwo malè—menm jan yon nonm fèt la, se konsa l ap mouri. Alò, kote avantaj pou sila k ap travay di nan van an? 17 Pandan tout lavi li, li manje nan tenèb ak gwo chagren, maladi ak kòlè.

18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki [m]rekonpans li. 19 Anplis, menm jan pou tout moun ke [n]Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske [o]Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.

<- Eklezyas 4Eklezyas 6 ->