Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 “Nan tan sa a, SENYÈ a te di mwen: [a]‘Taye fòme pou kont ou de tab wòch tankou premye yo, monte kote Mwen sou mòn nan, e [b]fè yon lach an bwa pou kont ou. 2 [c]Mwen va ekri sou tab yo pawòl ki te nan premye tab ke ou te kraze yo, e ou va mete yo nan lach la.’

3 “Konsa, mwen te fè yon lach avèk bwa akasya e mwen te [d]taye de tab wòch tankou premye yo, e mwen te monte sou mòn nan avèk de tab yo nan men m. 4 Li te ekri sou tab yo tankou premye ekriti a, [e]Dis Kòmanman [f]ke SENYÈ a te pale a nou menm sou mòn nan soti nan mitan dife a nan jou asanble a; epi SENYÈ a te ban mwen yo. 5 Konsa, mwen te vire [g]desann kite mòn nan. Mwen te [h]mete tab yo nan lach ke mwen te fè a, epi se la yo ye, jan SENYÈ a te kòmande mwen an.”

6 (Alò, fis Israël yo te kite Beéroth-Bene-Jaakan pou rive Moséra. [i]La Aaron te mouri, la li te antere, e fis li a, Éléazar te fè sèvis prèt nan plas li. 7 [j]Soti la, yo te pati pou Gudgoda e soti Gudgoda a Jothbatha, yon peyi avèk anpil ti flèv dlo. 8 Nan moman sa a, SENYÈ a te mete apa tribi Lévi a pou pote lach akò SENYÈ a, pou kanpe devan Li, pou sèvi Li e pou beni nan non Li jiska jodi a.[k] 9 [l] Akoz sa, Lévi pa gen pòsyon ni eritaj pami frè li yo; SENYÈ a se eritaj pa li, jis jan SENYÈ a, Bondye nou an, te pale a li a.

10 [m]“Mwen anplis te rete sou mòn nan pandan karant jou ak karant nwit tankou premye fwa a; epi SENYÈ a te koute mwen fwa sa a tou. SENYÈ a pa t dakò detwi nou. 11 Alò, SENYÈ a te di mwen: ‘Leve, ale nan vwayaj ou devan pèp la, pou yo kapab antre ladann e posede peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M bay yo a.’

12 [n]“Alò, Israël, kisa SENYÈ a, Bondye nou an, mande a nou menm, sof ke krent SENYÈ a, mache nan tout chemen Li yo, [o]renmen Li, e sèvi Li avèk tout kè nou ak tout nanm nou, 13 pou kenbe kòmandman SENYÈ a avèk lwa Li yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a pou pwòp avantaj pa nou.

14 “Gade byen, syèl la avèk syèl piwo yo se [p]pou SENYÈ a, Bondye nou an, ansanm ak [q]tè a, avèk tout sa ki ladann. 15 [r]Sèl SENYÈ a te gen plezi pou mete sou zansèt nou yo afeksyon Li. Li te renmen yo, e Li te chwazi desandan yo apre yo, nou menm devan tout lòt pèp yo, jan li ye jodi a menm. 16 [s]Pou sa, se pou nou sikonsi kè nou, e [t]pa kite kè nou di ankò.

17 [u]“Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e [v]SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou [w]òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 [x]Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.

20 “Nou va krent SENYÈ a, Bondye nou an. Nou va sèvi Li. [y]Kole kote Li, e [z]nou va sèmante pa non pa Li. 21 Se Li menm ki [aa]lwanj nou, se Li menm ki Bondye nou, se Li menm ki te fè gran bagay etonan sa yo pou nou ke zye nou te wè. 22 [bb]Zansèt nou yo te desann an Égypte, swasann-dis pèsòn antou. Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te fè nou vin anpil tankou zetwal syèl yo.

<- Detewonòm 9Detewonòm 11 ->