1 Li te fè Darius plezi pou chwazi san-ven satrap sou wayòm nan, pou yo ta kapab pran chaj a tout wayòm nan. 2 Epi sou yo menm, twa chèf. Youn nan chèf sila yo se te [a]Daniel. Satrap sila yo ta dwe responsab bay kont sou yo menm, pou wa a pa ta soufre okenn pèt. 3 Daniel te kòmanse distenge li menm pami chèf ak satrap yo akoz li te posede yon [b]lespri ekstrawòdinè, e wa a te fè plan pou plase li sou [c]tout wayòm nan.
4 Konsa, chèf ak satrap yo te kòmanse chache pou twouve yon koz akizasyon kont Daniel nan zafè wayòm nan; men yo pa t ka jwenn [d]okenn baz pou akize l, ni okenn koripsyon, akoz li te fidèl. Okenn neglijans ni koripsyon pa t ka twouve nan li. 5 Epi mesye sila yo te di: “Nou p ap jwenn okenn mwayen pou fè akizasyon kont Daniel eksepte nou jwenn sa kont li konsènan [e]lalwa Bondye li a.”
6 Alò, chèf sila yo ak satrap yo te antann yo pou te parèt devan wa a, e te pale avèk li konsa: “Wa Darius, viv jis pou tout tan![f] 7 Tout chèf wayòm ak prefè yo, satrap yo, wo ofisyèl ak gouvènè yo te [g]fè konsiltasyon ansanm pou wa a ta etabli yon estati e fè yon dekrè pou nenpòt moun ki ta fè yon priyè a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm pandan trant jou, o wa, dwe [h]jete nan fòs lyon an. 8 Alò, O wa, [i]fè dekrè a e siyen dokiman pou l pa ka chanje selon lalwa Mèd ak Pès yo, ki p ap ka chanje.” 9 Konsa Darius, wa a, te [j]siyen dokiman an, ak dekrè a.
10 Alò, lè Daniel te konnen ke dokiman an te fin siyen, li te lantre lakay li (alò, nan chanm anwo a, te gen fenèt ki te ouvri vè Jérusalem), epi li te mete li sou jenou li twa fwa pa jou, pou [k]fè lapriyè, e [l]bay remèsiman devan Bondye li a, jan li te kon fè oparavan an. 11 Alò, mesye sila yo te reyini ansanm [m] e yo te vin jwenn Daniel ki t ap fè petisyon ak siplikasyon li devan Bondye li a. 12 Konsa, yo te pwoche pou te pale devan wa a konsènan dekrè a: “Èske ou pa t siyen yon dekrè ke yon moun ki ta fè petisyon a yon lòt dye oswa lòm sof ke ou menm, O wa, pandan trant jou, ta vin jete nan fòs lyon an?”
13 Epi yo te reponn, e te pale devan wa a: “Daniel, ki se youn nan egzile ki soti Juda yo [o]pa okipe ou, O wa, ni dekrè ke ou te siyen an, men kontinye fè petisyon li yo twa fwa pa jou.” 14 Alò, depi wa a te fin tande pawòl sa a, li te vin byen twouble e te dirije panse li sou mwayen pou delivre Daniel. Epi jiskaske solèy fin kouche, li te kontinye fè efò pou l ta ka sove li.
15 Alò, mesye sila yo te rasanble ansanm devan wa a. Yo te di wa a: “Byen konprann, O wa, ke sa se yon [p]lwa a Mèd ak Pès yo, ke okenn pwosè legal, ni dekrè ke wa a ta etabli, pa kapab chanje.”
16 Konsa, wa a te pase lòd pou mennen Daniel jete nan fos lyon an. Wa a te pale. Li te di a Daniel: [q]“Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a, va Li menm, delivre ou.”
17 Yon [r]wòch te mennen pou te plase sou bouch a fòs la, epi wa a te sele li ak pwòp bag so li a, e ak bag so a prens li yo, pou anyen pa ta chanje konsènan Daniel. 18 Konsa, wa a te ale nan palè li e te pase nwit lan nan fè jèn. Pa t gen okenn enstriman mizik ki te pote devan l, epi somèy te kite l.[s]
19 Alò, wa a te leve avan solèy la, lè bajou fenk kase, e li te fè vit ale nan fòs lyon an. 20 Lè li te vin pre fòs kote Daniel la, li te kriye fò ak yon vwa byen twouble. Wa a te pale e te di a Daniel: “Daniel, sèvitè a Bondye vivan an, èske [t]Bondye ou a, ke ou sèvi san rete a [u]te gen kapasite pou delivre ou de lyon yo?”
21 Konsa, Daniel te reponn a wa a: [v]“O wa, viv jis pou tout tan! 22 Bondye mwen an [w]te voye zanj li. Li [x]te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”
23 Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te [y]mete konfyans nan Bondye li a.
24 Konsa, wa a te pase lòd pou yo te mennen mesye sila ki te aji ak movèz fwa, pou akize Daniel yo, e yo te [z]jete yo menm, pitit yo ak madanm yo nan fòs lyon an. Konsa, yo pa t menm rive nan baz fòs la avan lyon yo te sezi yo e te kraze tout zo yo.
25 Epi Darius, wa a te ekri a tout pèp yo, nasyon ak lang ki t ap viv nan tout peyi a:
28 Konsa, Daniel sila a te vin pwospere pandan règn a Darius la, e pandan règn a Cyrus, Pès la.[ee]
<- Daniel 5Daniel 7 ->- a Dan 2:48,49
- b Dan 5:12,14
- c Jen 41:40
- d Dan 6:22
- e Trav 24:13-21
- f Né 2:3
- g Sòm 59:3
- h Sòm 10:9
- i Est 3:12; Est 1:19
- j Sòm 118:9
- k Dan 9:4-19
- l Sòm 34:1
- m Sòm 37:32-33
- n Est 1:19
- o Est 3:8
- p Est 8:8
- q Job 5:19
- r Lam 3:53
- s II Sam 12:16,17; Est 6:1
- t Jen 18:14
- u Dan 6:16,27
- v Dan 2:4
- w Sòm 91:11-13
- x Nonb 20:16
- y I Kwo 5:20
- z Det 19:18,19; Det 24:16
- aa Esd 4:17
- bb Dan 4:34
- cc Sòm 93:1,2
- dd Dan 4:2-3
- ee II Kwo 36:22