Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi [a]konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.

2 [b]Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. 3 Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon [c]pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame [d]mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, 4 pou m kapab fè li klè [e]nan fason ke m ta dwe pale a.

5 [f]Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou [g]fè plis ke posib avèk tan an. 6 [h]Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.

7 [i]Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. 8 [j]Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab [k]ankouraje kè nou. 9 Epi avèk li [l]Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.

10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a [m]Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye [n]ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.

12 [o]Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki [p]Laodicée ak Hiérapolis yo. 14 [q]Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak [r]legliz ki lakay li a. 16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou [s]li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17 Epi di [t]Archippe, “Byen okipe [u]èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.

18 Mwen, Paul, mwen [v]ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje [w]chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.

<- Kolosyen Yo 3