1 Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va [a]touye rès yo ak nepe. Yo [b]p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. 2 Menmsi yo ta fouye antre nan [c]sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo [d]monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. 3 Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va [e]chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande [f]sèpan an, e li va mòde yo. 4 Menmsi yo antre an [g]kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. 5 Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki [h]touche tè a pou li fann, e [i]tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. 6 Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li.[j] 7 Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak [k]Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? 8 Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan [l]Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. 9 “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va [m]souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. 10 Tout [n]pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: [o]‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ 11 Nan jou sa a, Mwen va [p]fè leve [q]Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 12 [r]pou yo kapab vin posede retay [s]Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.