1 Konsa Senyè BONDYE a te montre m e gade byen, Li t ap fòme yon gwo [a]rafal krikèt nan lè jaden prentan an te kòmanse boujonnen an. Epi gade byen, rekòlt la te fèt nan lè wa a te fin koupe zèb la. 2 Epi li te vin rive lè li te [b]fin manje tout plant peyi a, ke m te di: “Senyè BONDYE, souple, padone! Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman [c]piti!”
3 SENYÈ a te repanti de sa. “Sa p ap rive,” SENYÈ a te di.[d]
4 Konsa Senyè BONDYE a te montre mwen, e gade byen, Senyè BONDYE a t ap rele pou jijman an ak [e]dife a. Li te devore tout gwo pwofondè a, e te kòmanse devore tèren nan. 5 Epi mwen te di: “Senyè, souple, sispann! [f]Kòman Jacob ka kanpe? Li tèlman piti!”
6 SENYÈ a te [g]repanti de sa. “Sa a tou, p ap rive”, Senyè BONDYE a te di.
7 Konsa Li te monte m, e gade byen, Senyè a te kanpe akote yon mi ki monte ak yon filaplon nan men L. 8 SENYÈ a te di m: “Se kisa ou wè, Amos?”
10 Konsa, Amatsia, prèt Béthel la te voye pawòl kote Jéroboam, wa Israël la. Li te di: “Amos te [l]fè konplo kont ou nan mitan kay Israël la. Peyi a p ap ka sipòte tout pawòl li yo. 11 Paske konsa Amos di: ‘Jéroboam va mouri pa nepe a, e Israël va anverite kite peyi li pou ale an egzil.’ ”
12 Amatsia te di a Amos: [m]“Ale, ou menm ki divinò, sove ale nan peyi Juda. Manje pen e pwofetize la! 13 Men [n]pa pwofetize nan Béthel, paske se [o]sanktyè ak rezidans la a wa a!”
14 Konsa, Amos te reponn a Amatsia: “Mwen pa t yon pwofèt, ni mwen pa t fis a yon pwofèt; men mwen te yon gadyen bèt ak yon kiltivatè pye fig frans.[p] 15 Men SENYÈ a te retire mwen soti dèyè bann mouton an, e SENYÈ a te di mwen: ‘Ale [q]pwofetize a pèp Mwen an, Israël.’ 16 Konsa, tande pawòl SENYÈ a: “W ap di: ‘Ou pa pou pwofetize kont Israël, [r]ni ou pa pou pale kont lakay Isaac.’ 17 Akoz sa, SENYÈ a di: [s]‘Madanm ou va devni yon pwostitiye nan vil la, [t]fis ou yo ak fi ou yo va tonbe pa nepe, peyi ou a va divize ak yon lign apantaj, e ou menm, ou va mouri nan yon peyi ki pa pwòp. Anplis, Israël va anverite kite peyi li a pou li ale an egzil.’ ”
<- Amos 6Amos 8 ->