1 Malè a sila ki alèz nan Sion yo,
e ak sila ki santi yo ansekirite nan mòn Samarie yo,
[a]mesye ki distenge pami meyè nan nasyon yo,
a sila lakay Israël konn vini yo.
2 Ale janbe kote [b]Calné pou gade.
Soti la rive Hamath Gran an,
pou desann kote Gath de Filisten yo.
Èske yo pi bon ke wayòm sila yo?
Èske teritwa pa yo a pi gran pase pa nou an?
3 Malè a nou ki konn [c]ranvoye jou malè!
Ka pote sant vyolans lan vin pi pre!
4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,
e k ap [d]manje jenn mouton ki soti nan pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
5 sila ki enpwovize ak son ap la,
ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,
malgre sa, yo pa [e]kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.
Banbòch a sanzave yo va sispann.[f]
8 Senyè BONDYE a te sèmante pa Li menm,
SENYÈ Bondye dèzame yo te deklare:
“Mwen rayi awogans a Jacob la,
e Mwen deteste sitadèl li yo.
Pou sa, Mwen va livre tout vil la ak tout sa ki ladann.”[g]
9 Epi li va vin rive ke si genyen dizòm ki rete
nan yon kay, yo va mouri.
10 Alò tonton a youn, oswa [h]mèt mòg k ap antere l a va leve pote zo li sòti nan kay la. Konsa, li va mande a sila ki nan pati pi anndan nan kay la: “Èske gen lòt moun avèk ou?” Epi sila a va reponn: “Nanpwen moun”. Konsa li va reponn: “Rete an silans. Paske non a SENYÈ a [i]pa dwe nonmen menm.”
11 “Paske gade byen, SENYÈ a pral [j]kòmande
[k] pou gwo lakay la vin kraze nèt,
e ti kay la an ti mòso.
12 Èske cheval konn kouri sou wòch,
oswa èske yo ka charye wòch yo ak bèf?
Konsa, nou te fè [l]Lajistis vin tounen pwazon
e fwi ladwati vin anmè nèt.
13 Nou menm k ap rejwi nan yon [m]bagay ki pa anyen,
epi k ap di: ‘Èske se pa ak pwòp fòs kouraj
nou nou rive pran kòn nan pou nou?’
14 Paske gade byen, Mwen pral leve yon nasyon
kont nou, O lakay Israël,”
deklare SENYÈ Bondye dèzame yo;
“e yo va aflije nou soti nan antre Hamath