Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

AMOS

1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton [~1~]Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè an. 2 Li te di:

[~2~]“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;
epi patiraj a bèje yo va fè dèy,
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”

3 Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de [~3~]twa transgresyon a Damas yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon li;
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.[~4~]
5 Anplis, Mwen va [~5~]kase baryè an fè Damas la;
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;
epi pèp Syrie a va ale an egzil an [~6~]Kir,”
di SENYÈ a.

6 Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te depòte tout pèp la,
pou [~7~]livre yo bay Édom.
7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,
epi li va devore sitadèl li yo nèt.
8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.
Mwen va tounen men mwen kont Ékron,
epi retay a [~8~]Filisten yo va peri,”
di Senyè BONDYE a.
9 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,
e yo pa t sonje akò [~9~]fratènèl la.
10 Akoz sa, Mwen va [~10~]voye dife sou miray Tyr la,
e li va devore sitadèl li yo.”

11 Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe
e te refize gen pitye.
Mekontantman li te dechire tout tan,
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.[~11~]
12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”[~12~]

13 Konsa pale SENYÈ a:

“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te [~13~]chire vant fanm ansent Galaad yo
pou [~14~]agrandi lizyè yo.
14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray [~15~]Rabba a.
Li va devore sitadèl li yo nèt,
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, [~16~] li menm ansanm ak prens li yo,”
di Senyè a.

Amos 2 ->