1 Saul te fin dakò nèt ak lanmò li.
3 Men [a]Saul te kòmanse ravaje legliz la. Li t ap antre de kay an kay pou rale fè sòti ni fanm, ni gason pou mete yo nan prizon.
4 Konsa [b]sila ki t ap gaye konsa yo, te ale toupatou e te preche pawòl la.
5 [c]Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.
6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te [d]paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen [e]anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.
9 Alò, te gen yon nonm yo te rele Simon, ki te konn pratike [f]maji nan vil la. Li t ap fè pèp Samarie a sezi, konsi li t ap vante tèt li, ke li menm te yon moun pwisan.
10 Konsa, yo tout, soti nan pi piti jiska pi gran, te ba li anpil atansyon, e te di: [g]“Mesye sila a se li ke yo rele Gran Pouvwa Bondye a.” 11 Yo te koute li, paske pandan anpil tan li te konn etone yo avèk [h]metye maji sila a.
12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap [i]preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil [j]sign ak [k]mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.
14 Alò, lè [l]apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye [m]Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye [n]pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li [o]potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te [p]mete men sou yo, epi yo te [q]resevwa Lespri Sen an.
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab [r]vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen [s]ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, [t]si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e [u]mare nan inikite.”
24 Men Simon te reponn e te di: [v]“Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
25 Alò, lè yo te fin temwaye solanèlman, e te pale [w]pawòl Senyè a, yo te fè wout yo pou retounen Jérusalem. Konsa, tou, yo te [x]preche bòn nouvèl la nan anpil vilaj Samariten.
26 Men [y]yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)
27 Konsa, li te leve ale, epi konsa, [z]te gen yon lenik Etyopyen, yon ofisye atache a Candace, larèn Etyopyen yo. Li te an chaj tout trezò li, e [aa]te la nan Jérusalem pou adore Bondye. 28 Li t ap retounen, epi pandan li chita nan cha li, li t ap li liv pwofèt Ésaïe a.
29 Alò [bb]Lespri a te di Philippe: “Ale jwenn cha sila a”.
30 Philippe te kouri kote li. Konsa, li te tande ke li t ap li Ésaïe pwofèt la, epi li te mande l: “Èske ou konprann sa w ap li a?”
31 Li te reponn: “Kijan mwen ta kapab, amwenske yon moun gide m?” Li te envite Philippe monte chita avè l.
32 Alò, pòsyon lekriti li t ap li a se te sila a:
34 Lenik lan te reponn Philippe e te di: “Silvouplè, a kilès pwofèt la ap di sa a? A li menm, oubyen a yon lòt?”
35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te [ee]kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.
36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, linik lan te di: [ff]“Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.
39 Lè yo te sòti nan dlo a, [gg]Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.
40 Men Philippe te twouve li menm nan [hh]Azot. Pandan li t ap travèse, li te [ii]kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.
<- Travay 7Travay 9 ->- a Trav 9:1,13,21
- b Trav 8:1
- c Trav 6
- d Mat 4:24
- e Jn 4:40-42
- f Trav 8:11
- g Trav 14:11
- h Trav 8:9
- i Trav 1:3
- j Trav 8:6
- k Trav 19:11
- l Trav 8:1
- m Luc 22:8
- n Trav 2:38
- o Mat 28:19
- p Trav 6:6
- q Trav 2:4
- r II Wa 5:16
- s Det 10:9
- t És 55:7
- u És 58:6
- v Jen 20:7
- w Trav 13:12
- x Trav 8:40
- y Trav 5:19
- z Sòm 68:31
- aa I Wa 8:41
- bb Trav 8:39
- cc És 53:7
- dd És 53:8
- ee Luc 24:27
- ff Trav 10:47
- gg I Wa 18:12
- hh Jos 11:22
- ii Trav 8:25