Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Wo prèt la te di: “Èske bagay sa yo se vrè?”

2 Li te di: “Koute m [a]frè m yo ak [b]ansyen mwen yo!” Bondye laglwa a te parèt devan zansèt nou, Abraham lè li te nan Mésopotamie, avan ke li te rete Charran. 3 E Li te di li: [c]“Kite peyi ou, ak fanmi ou, pou vini nan peyi ke Mwen menm va montre ou a”.

4 [d]Konsa, li te kite peyi a Kaldeyen yo pou vin rete nan Charran. [e]Depi la, lè papa l te vin mouri, Bondye te fè l deplase vin nan peyi sila a kote nou rete koulye a. 5 Men Li pa t ba li yon eritaj ladann, ni menm yon moso tè, men menm lè li pa t gen pitit, [f]Li te pwomèt li ke Li ta ba li sa kòm yon posesyon, e a desandan aprè li yo.

6 Men [g]Bondye te pale konsa: Ke desandan li yo ta etranje nan yon peyi etranje, pou yo ta nan esklavaj e maltrete pandan kat-san lane. 7 “Epi nenpòt nasyon ki ta mete yo nan esklavaj, Bondye te di: ‘Mwen Menm, Mwen va jije’, [h]epi apre sa, yo va sòti la pou sèvi Mwen nan plas sila a.”

8 Li [i]te bay li akò sikonsizyon an, epi [j]Abraham te vin papa a Isaac, Li te sikonsi li nan uityèm jou a. Isaac te vin papa a Jacob, e Jacob a douz patriyach yo.

9 Patriyach yo [k]te vin jalou de Joseph e yo te vann li an Égypte. Men Bondye te avèk li 10 e Li te delivre li nan tout afliksyon li yo. Konsa li [l]te bay li favè avèk sajès devan Pharaon, wa Égypte la, e te fè li vin gouvènè sou Égypte, ak tout lakay li.

11 Alò [m]yon gwo grangou te parèt nan tout Égypte ak Canaan, avèk gwo mizè, e zansèt nou yo pa t kab twouve manje. 12 Men [n]lè Jacob te tande ke te gen manje an Égypte, li te voye zansèt nou yo la pou premye fwa a.

13 Nan dezyèm vizit la [o]Joseph te fè frè l yo dekouvri ki moun li te ye, e[p]fanmi Joseph te vin entwodwi a Pharaon. 14 Alò [q]Joseph te voye envite Jacob, papa li avèk tout fanmi li pou vin kote l. Te gen swasann-kenz moun antou.

15 Konsa, [r]Jacob te desann an Égypte e li menm avèk zansèt nou yo te mouri la. 16 Depi la kò yo te deplase retounen nan [s]Sichem, pou te antere yo nan tonm nan ke Abraham te achte pou yon sòm lajan nan men fis a Hémor an Sichem yo.

17 Men pandan [t]tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche [u]pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte, 18 jiskaske [v]Yon lòt wa te leve sou Égypte ki pa t konnen anyen de Joseph. 19 Se te li menm ki te sèvi gwo koken pou pran avantaj sou ras nou an, e maltrete zansèt nou pou yo ta kab [w]fè zanfan pa nou yo pa t kab viv.

20 Se te nan tan sila a ke [x]Moïse te ne. Li te byen bèl nan zye Bondye, e li te okipe pandan twa mwa lakay papa li. 21 Epi lè l te abandonen, fi [y]Pharaon an te pran li e te nouri li kòm pwòp fis pa li. 22 Moïse te enstwi nan tout [z]konesans Ejipsyen an, e li te vin yon nonm byen fò nan pawòl ak nan zak.

23 Men lè l t ap pwoche laj karant ane, [aa]sa te antre nan tèt li pou vizite frè li yo, fis Israël yo.

24 Konsa, lè l te wè youn nan yo byen maltrete, li te defann li, e te vanje pou sila ki te oprime a, e konsa, te touye Ejipsyen an. 25 Li te sipoze ke frè li yo te konprann ke Bondye t ap bay yo delivrans atravè li menm, men yo pa t konprann.

26 [bb]“Nan jou swivan an, li te parèt a yo menm pandan yo t ap goumen youn avèk lòt. Li te eseye rekonsilye yo nan lapè e te di: ‘Moun yo, se frè nou ye. Poukisa nou ap fè mal a youn lòt?’

27 “Men sila ki t ap fè frè l la mal la te bourade l e te di: [cc]‘Kilès ki te fè ou yon chèf ak jij sou nou? 28 [dd]Èske ou gen entansyon touye m menm jan ke ou te touye Ejipsyen an ayè a?’

29 “Akoz pawòl sila a [ee]Moïse te sove ale, e te vin yon etranje nan peyi Madian, kote li te vin papa a de fis.

30 “Apre karant ane te pase, [ff]Yon zanj te parèt a li menm nan dezè Mòn Sinaï nan flanm a yon touf bwa. 31 Lè Moïse te wè l, li te etone de sa l te wè a. Lè l te pwoche pou gade pi pre, vwa Senyè a te vini sou li: 32 [gg]‘Mwen menm se Bondye a zansèt nou yo, Bondye Abraham nan, Isaac ak Jacob la’. Moïse te tranble avèk laperèz e pa t menm vle pran chans gade.

33 [hh]“Men SENYÈ a te di l: ‘Retire sapat nan pye ou, paske lye kote ou kanpe a se tè sen. 34 [ii]Mwen anverite wè soufrans pèp Mwen an an Égypte e tande plent yo, e Mwen gen tan vini desann pou delivre yo. Vini koulye a e Mwen va voye ou an Égypte.’

35 “Menm Moïse sila a ke yo te [jj]rejte lè yo te di: ‘Kilès ki te fè ou yon chèf e yon jij?’ Se sila a ke Bondye te voye pou li ta kapab non sèlman yon chèf, men yon liberatè avèk èd zanj ki te parèt kote li nan touf bwa a. 36 [kk]Mesye sila a te mennen yo sòti, e te fè [ll]mèvèy ak sign nan peyi Égypte, ak nan Lamè Wouj, epi pandan karant ane nan dezè a. 37 Se te Moïse sila a ki te di a fis Israël yo: [mm]‘Bondye va fè leve pou nou yon pwofèt tankou mwen ki sòti nan frè nou yo.’

38 “Sa se li menm ki te nan [nn]asanble nan dezè a; ki te avèk zanj ki t ap pale avè l sou Mòn Sinaï a, e avèk zansèt nou yo, ki te te resevwa [oo]pawòl vivan yo pou pase bannou.

39 “Zansèt nou yo pa t dakò obeyisan a li menm, men yo te [pp]rejte l, e nan kè yo, yo te vire tounen an Égypte. 40 [qq]Konsa yo di a Aaron: ‘Fè pou nou dye yo ki va ale devan nou. Paske Moïse sila a ki te mennen nou sòti an Égypte la, nou pa menm konnen kisa ki rive li.’ 41 Nan tan sa a yo te fè yon jenn bèf. Yo te pote yon sakrifis pou zidòl la, e yo t ap rejwi yo nan [rr]zèv a pwòp men yo.

42 “Men Bondye te vire do Li, e te livre yo pou adore dye a zetwal syèl yo, jan sa ekri nan liv pwofèt yo:

[ss]‘Se pa t a Mwen menm ke nou te ofri
ofrann ak sakrifis
karant ane nan dezè a, O lakay Israël.
43 [tt]Men nou te pran anplis, tabènak Moloch la,
ak zetwal a dye Remphan an;
imaj ke nou te fè pou adore yo.
Pou sa a Mwen osi va retire nou jis rive lòtbò Babylone.’

44 “Zansèt nou yo te gen [uu]tabènak temwayaj nan dezè a, menm jan ke Sila ki te pale avèk Moïse la te kòmande li pou [vv]fè, selon modèl ke li te wè a.

45 “Konsa, zansèt nou yo ki te resevwa li nan lè pa yo, te [ww]pote li avèk Josué lè l te depouye nasyon ke Bondye te chase devan yo jis rive nan tan David la. 46 [xx]David te twouve favè nan zye Bondye, e te mande pou li ta kapab jwenn yon mezon pou Bondye Jacob la abite. 47 Men se te [yy]Salomon ki te bati yon kay pou Li.

48 “Poutan [zz]Trè Wo a pa rete nan kay ki fèt pa men moun, jan pwofèt la di a:

49 []‘Syèl la se twòn Mwen,
E tè a se ban pou pye Mwen.
Ki kalite kay ou kapab fè pou Mwen?’
‘Oubyen ki plas ki gen pou repo Mwen?
50 Se pa t men Mwen ki te fè tout bagay sa yo?’

51 “Nou menm, ki se moun []kou rèd e ensikonsi nan kè, avèk zòrèy ki toujou ap reziste a Lespri Sen an, n ap fè menm bagay ke zansèt nou yo te konn fè yo. 52 []Kilès nan pwofèt yo ke zansèt nou yo pa t pèsekite? Yo te touye sila yo ki avan lè te anonse ke []Sila Ki Jis la t ap vini; ke nou menm koulye a trayi e asasine. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon []òdonans pa zanj yo, te vyole li.”

54 Alò, lè yo te tande sa, yo te []blese byen fon, e t ap manje dan yo sou li.

55 Men []ranpli avèk Lespri Sen an, li te fikse zye l anwo nan syèl la e te wè glwa Bondye ak Jésus ki t ap kanpe bò men dwat Bondye. 56 Li te di: “Gade byen, Mwen wè []syèl la vin louvri, e Fis a lòm nan ki kanpe bò men dwat Bondye.”

57 Konsa yo te kriye fò avèk yon gwo vwa, e te kouvri zòrèy yo. Yo te kouri sou li ansanm a lafwa, 58 e lè yo te fin pouse li []deyò vil la, yo te kòmanse lapide l avèk wòch. Temwen sila yo te []depoze vètman yo nan pye a yon jennonm yo te rele Saul.

59 Yo te kontinye lapide Étienne pandan li te []rele Senyè a, e te di: “Senyè Jésus, resevwa Lespri mwen”. 60 Konsa, []li te tonbe sou jenou li, e te kriye avèk yon gwo vwa: “Senyè, pa kenbe peche sa a kont yo!” Lè l fin di sa, li te mouri.

<- Travay 6Travay 8 ->