1 Pandan yo t ap pale ak pèp la, prèt avèk kaptenn gad tanp lan avèk [a]Sadiseyen yo te rive kote yo. 2 Yo te byen deranje paske yo t ap enstwi pèp la e t ap pwoklame [b]nan non Jésus rezirèksyon a lanmò yo. 3 Yo te mete men sou yo, e te [c]mete yo nan prizon pou jis rive nan demen, paske li te gen tan fènwa. 4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e [d]fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
5 Nan landemen, [e]chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6 [f]Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
8 Alò, Pierre [g]ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou [h]benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke [i]pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki [j]wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 “Konsa, pa gen sali nan [k]okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
13 Alò, lè yo te wè [l]konfyans a Pierre avèk Jean, e te konprann ke yo pa t gen anpil edikasyon ni enstriksyon, yo te etone. Yo [m]te rekonèt yo kon moun ki te avèk Jésus yo. 14 Epi lè yo te wè mesye ki te geri a te kanpe la avèk yo, yo pa t gen repons pou bay.
15 Men lè yo fin mande yo [n]kite konsèy la, yo te fè konferans ansanm. 16 Yo te di: “Alò [o]kisa pou nou fè avèk mesye sa yo? Paske li byen klè a tout sila ki rete Jérusalem yo ke [p]yon mirak byen enpòtan te fèt pa yo, e nou pa kapab di ke se pa vrè.
17 “Men pou sa pa rive pi lwen pami pèp la, annou avèti yo pou yo pa pale ankò a okenn moun [q]nan non sila a.” 18 Yo te rele yo, e te [r]kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: [s]“Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske [t]nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
21 Konsa, lè yo te fin menase yo anplis, yo te lage yo, paske yo pa t kapab twouve baz pou pini yo, e [u]akoz perèz a pèp la, paske yo tout t ap [v]bay Bondye glwa pou sa ki te rive a. 22 Paske mesye a ki te resevwa mirak sila a, te gen plis ke karant ane.
23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te [w]fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki [x]pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:
27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont [aa]sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak [bb]volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo [cc]pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon [dd]sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”
31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te [ee]ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te [ff]pale pawòl Bondye a avèk kouraj.
32 Tout nan gran foul a ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men [gg]tout bagay te pou tout moun. 33 [hh]Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo [ii]te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou [jj]mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo [kk]te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
36 Joseph, yon Levit ki te ne an [ll]Chypre ke yo te rele osi Barnabas, pa apòt yo, ki vle di Fis [mm]Ankourajman an 37 te gen yon mòso tè. Li te vann li e te pote kòb la mete l nan pye apòt yo.
<- Travay 3Travay 5 ->- a Mc 12:18
- b Trav 3:15
- c Trav 5:18
- d Trav 2:41
- e Luc 23:13
- f Luc 3:2
- g Trav 2:4
- h Trav 3:7
- i Trav 2:22
- j Sòm 118:22
- k Mat 1:21
- l Trav 4:31
- m Jn 7:15
- n Mat 5:22
- o Jn 11:47
- p Trav 3:7-10
- q Jn 15:21
- r Trav 5:28
- s Trav 5:28
- t I Kwo 9:16
- u Trav 5:26
- v Mat 9:8
- w Egz 20:11
- x Trav 1:16
- y Sòm 2:1
- z Sòm 2:2
- aa Trav 3:13
- bb Trav 2:23
- cc Fil 1:14
- dd Jn 4:48
- ee Trav 2:4
- ff Fil 1:14
- gg Trav 2:44
- hh Trav 1:8
- ii Mat 19:21
- jj Trav 4:37
- kk Trav 2:45
- ll Trav 13:4
- mm Trav 11:23