1 Aprè tapaj la te fin sispann, Paul te voye pou [a]disip yo. Lè l fin ekzòte yo, li te pran konje de yo, e li te sòti pou ale [b]Macédoine. 2 Lè l te fin travèse tout distri sila yo e te bay yo anpil ekzòtasyon, li te rive nan peyi Grèce.
3 Li te pase twa mwa la, epi lè Jwif yo te fè yon [c]konplo kont li, pandan li t ap pral pran bato a vwal pou Syrie a, li te fè desizyon pou retounen pa Macédoine. 4 Li te akonpanye pa Sopater de Bérée, fis a Pyrrhus la, anplis [d]Aristarque ak Second, de Théssalonique, ak Gaius de Derbe ak Timothée ak Tychique ak [e]Trophime ki sòti an Asie. 5 Men sila yo te ale avan, e t ap tann [f]nou [g]Troas.
6 Nou te pran bato a vwal soti [h]Philippes, apre [i]jou a Pen San Ledven yo. Nou te vin jwenn yo Troas nan senk jou, e te rete la pandan sèt jou. 7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou [j]kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 8 Te gen anpil lanp nan [k]chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.
10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, [l]li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11 Lè Paul te fin remonte [m]e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
13 Men [n]nou menm, nou te fè avan pou pran bato k ap rive Asòs, kote nou te fè plan pou Paul ta monte bato a. Se konsa li te aranje sa, akoz ke li menm t ap pase pa tè. 14 Epi lè l te rankontre nou Asòs, nou te pran li abò, e te vini Mitilèn.
15 Soti la nan bato a vwal la, jou swivan an, nou te rive anfas Chios. Jou apre a nou te travèse Samòs, e jou swivan a nou te rive [o]Milèt.
16 Paske Paul te fè desizyon pou depase Éphèse pou l pa ta oblije pase tan an Asie. Li t ap prese pou l te [p]rive Jérusalem, si se te posib [q]nan jou Fèt Lapannkot la.
17 Soti nan Milèt li te voye Ephèse pou rele [r]ansyen a legliz yo pou rive kote l. 18 Lè yo te vin kote l, li te di yo: “Nou menm, nou konnen ke [s]depi premye jou ke m te mete pye m an Asie a, kijan mwen te avèk nou tout tan 19 pou sèvi Senyè a avèk tout imilite, ak dlo nan zye m, e avèk gwo traka ki te vini sou mwen akoz [t]konplo a Jwif yo. 20 Kòman mwen [u]pa t fè bak pou m te kab deklare a nou tout bagay ki te itil, e te enstwi nou an piblik, e de kay an kay. 21 Se Konsa mwen t ap temwaye seryezman e konplètman a Jwif yo e a Grèk yo, de [v]repantans anvè Bondye, ak lafwa nan Senyè nou an, Jésus Kri.
22 “Koulye a, gade byen, mare pa Lespri a, [w]mwen sou chemen pou rive Jérusalem, san menm konnen sa ki va rive m la, 23 sof ke Lespri Sen an temwaye solanèlman a mwen nan chak vil, pou di ke se kout kòd mare, avèk afliksyon k ap tann mwen. 24 Men [x]mwen pa konsidere lavi m nan okenn sans gen gwo valè pou mwen menm, pou m ta kapab [y]fini ak kous mwen e ak ministè ke mwen te resevwa soti nan Jésus Kri a, pou m temwaye seryezman e konplètman, de levanjil gras Bondye a.
25 “Epi koulye a, veye byen, mwen konnen ke nou tout, pami sila mwen te pase, e te [z]preche wayòm nan, p ap wè figi m ankò. 26 Alò, mwen temwaye a nou nan jou sa, ke [aa]mwen inosan de san tout moun. 27 Paske mwen pa t fè bak pou deklare a nou tout [bb]volonte a Bondye a nèt.
28 “Veye byen pou nou menm, e pou tout bann twoupo a, pami sila Lespri Sen an te fè nou gadyen, pou fè bèje a legliz Bondye a, legliz ke [cc]Li te achte avèk pwòp san Li.
29 “Mwen konnen ke apre mwen pati, [dd]lou sovaj va vini pami nou, loup ki p ap fè gras menm a bann twoupo a. 30 Pami nou menm lèzòm va leve e va pale move bagay, pou antrene [ee]disip yo pou yo ta swiv yo. 31 Konsa, rete vijilan. Byen sonje ke pou yon dire a twa zan, lannwit kon lajounen mwen pa t sispann egzòte nou [ff]avèk dlo nan zye m.
32 “Epi koulye a, mwen [gg]rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
33 [hh]“Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34 Nou menm nou konnen ke [ii]men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
36 Lè l te fin di bagay sa yo, li te [jj]mete l a jenou, e te priye avèk yo tout.
37 Konsa, yo te kòmanse kriye fò. Yo te [kk]anbrase Paul, e t ap bo l anpil. 38 Yo te ranpli ak gwo lapèn, sitou sou [ll]pawòl li te pale a, ke yo pa t ap wè fas li ankò. Konsa yo te akonpanye li rive nan bato a.
<- Travay 19Travay 21 ->- a Trav 11:26
- b Trav 16:9
- c Trav 9:23
- d Trav 19:29
- e Trav 21:29
- f Trav 16:10
- g Trav 16:8
- h Trav 16:12
- i Trav 12:3
- j Trav 2:42
- k Trav 1:13
- l Mat 9:23
- m Trav 2:42
- n Trav 16:10
- o Trav 20:17
- p Trav 19:21
- q Trav 2:1
- r Trav 11:30
- s Trav 18:19
- t Trav 20:3
- u Trav 20:27
- v Trav 2:38
- w Trav 17:16
- x Trav 21:13
- y Trav 13:25
- z Mat 4:23
- aa Trav 18:6
- bb Trav 13:36
- cc Ef 1:7,14
- dd Éz 22:27
- ee Trav 11:26
- ff Trav 20:19
- gg Trav 14:23
- hh I Kwo 9:4-18
- ii Trav 18:3
- jj Trav 9:40
- kk Luc 15:20
- ll Trav 20:25