1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak [a]mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou [b]travay ke mwen rele yo a.”
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te [c]poze men sou yo e te voye yo ale.
4 [d]Konsa, ranvoye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre. 5 Lè yo te rive Salamine, yo te kòmanse pwoklame pawòl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Anplis [e]Jean te la pou ede yo.
6 Lè yo te fin travèse tout lil la, jis rive nan Paphos yo twouve yon sèten [f]majisyen Jwif, yon [g]fo pwofèt ke yo te rele Bar-Jésus 7 ki te avèk [h]pwokonsil la, Sergius Paulus, yon nonm byen entèlijan. Mesye sa te rele Barnabas avèk Saul pou vini pou l ta kapab tande pawòl Bondye a.
8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont [i]lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, [j]ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm [k]fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen [l]men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”
12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de [m]doktrin Senyè a.
13 Alò, Paul avèk konpanyon li yo te monte sou lanmè a soti Paphos. Yo te rive nan vil Perge nan Pamphylie. [n]Jean te kite yo la pou retounen Jérusalem.
14 Men kontinye soti Perge yo te rive [o]Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15 Aprè Lalwa ak [p]Pwofèt yo [q]te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”
16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki [r]krent Bondye, koute: 17 Bondye a pèp Israël sa a te chwazi zansèt nou yo, e te [s]fè pèp la onore pandan sejou yo nan peyi Égypte. Epi avèk yon bra leve [t]Li te mennen yo sòti ladann. 18 [u]Pandan anviwon yon tan de karant ane, konsa, li te sipòte yo nan dezè a.
19 “Lè L te fin detwi [v]sèt nasyon nan tè Canaan an, Li te [w]divize tè pa yo a kòm eritaj. Sa te pran anviwon kat san senkant ane. 20 Apre bagay sa yo, Li te [x]bay yo jij yo jiska Samuel, pwofèt la.
21 “Yo te [y]mande pou yon wa, epi Bondye te bay yo [z]Saul, Fis a Kis la, yon nonm nan tribi Benjamin an pou karant ane.
22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: [aa]‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël [bb]yon Sovè, Jésus.
24 “Avan Li te vini [cc]Jean te preche yon batèm repantans pou tout pèp Israël la. 25 Alò, pandan Jean t ap konplete pakou li, [dd]li te kontinye ap mande: ‘Kisa nou sipoze ke mwen ye? Mwen se pa Li menm nan. Men gade byen, youn ap vini aprè mwen e sapat a pye li, mwen pa menm dign pou delase.
26 “Frè yo, Fis a fanmi Abraham yo, sila pami nou ki krent Bondye yo, a nou mesaj [ee]sali sila a voye. 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvernè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li. 28 Malgre yo pa t twouve okenn choz ki merite lanmò, yo te [ff]mande Pilate pou li ta fè l mouri. 29 Epi lè yo te [gg]fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te [hh]retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.
30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, [ii] te wè li, menm sila yo ki koulye a se [jj]temwen Li a pèp la.
32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a [kk]pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:
34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: [mm]‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
35 “Konsa, Li pale osi nan yon lòt Sòm ke [nn]‘Ou p ap kite pa W, Sila Ki Sen an, sibi pouriti.’
36 “Paske David, apre li te sèvi [oo]plan Bondye a nan jenerasyon pa l la, te dòmi. Li te vin plase pami zansèt li yo, e li te sibi dekonpozisyon. 37 Men Sila ke Bondye te [pp]fè leve a, pa t sibi dekonpozisyon menm.
38 “Konsa, kite sa vin konnen a nou menm, frè yo, ke [qq]atravè Li menm, padon pou peche yo pwoklame a nou menm. 39 Selon Li menm, [rr]tout moun ki kwè yo, vin lib de tout bagay ke nou pa t kapab libere pa Lalwa Moïse la.
40 “Konsa, fè atansyon, pou sa ki te pale [ss]nan pwofèt yo pa vini sou nou:
42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen [uu]Saba a. 43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak [vv]pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan [ww]gras Bondye a.
44 Nan [xx]pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.
45 Men lè [yy]Jwif yo te wè foul la, yo te ranpli avèk jalouzi, e yo te kòmanse pale kont bagay ke Paul te pale yo, e t ap fè blasfèm.
46 Paul ak Barnabas te pale avèk gwo kouraj. Yo te di: “Li te nesesè pou pawòl Bondye a ta pale a nou menm [zz]avan. Men akoz ke nou refize l, e jije pwòp tèt nou endign pou lavi etènèl la, gade byen []n ap vire bò kote pèp etranje yo. 47 Paske konsa Senyè a te kòmande nou:
48 Lè pèp etranje yo te tande sa, yo te kòmanse rejwi e t ap bay glwa a pawòl Bondye a. Konsa, tout sila ki []te nome pou lavi etènèl yo te kwè. 49 []Pawòl Senyè a te gaye nan tout rejyon an.
50 Men Jwif yo te chofe fanm fidèl yo, ak chèf ki t ap dirije vil yo, pou []fòmante yon pèsekisyon kont Paul ak Barnabas, e te chase yo deyò teritwa yo.
51 Men []yo te souke pousyè a, fè l sòti nan pye yo, kòm yon sign kont yo, e yo te ale Icone.
52 Epi disip yo te kontinye []ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
<- Travay 12Travay 14 ->- a Wo 12:6
- b Trav 9:15
- c Trav 6:6
- d Trav 4:36
- e Trav 12:12
- f Trav 8:9
- g Mat 7:15
- h Trav 13:8,12
- i Trav 6:7
- j Trav 2:4
- k Mat 13:38
- l Egz 9:3
- m Trav 8:25
- n Trav 12:12
- o Trav 14:19,21
- p Trav 13:27
- q Trav 15:21
- r Trav 10:2
- s Egz 1:7
- t Egz 12:51
- u Nonb 14:34
- v Det 7:1
- w Jos 14:1
- x Jij 2:16
- y I Sam 8:5
- z I Sam 9:1
- aa I Sam 13:14
- bb Luc 2:11
- cc Mc 1:1-4
- dd Mat 3:11
- ee Jn 6:68
- ff Mat 27:22,23
- gg Trav 26:22
- hh Luc 23:53
- ii Trav 1:3
- jj Luc 24:48
- kk Wo 4:13
- ll Sòm 2:7
- mm És 55:3
- nn Sòm 16:10
- oo Trav 13:22
- pp Trav 2:24
- qq Luc 24:47
- rr Trav 10:43
- ss Luc 24:44
- tt Hab 1:5
- uu Trav 13:14
- vv Trav 17:4
- ww Trav 11:23
- xx Trav 13:14
- yy Trav 13:50
- zz Trav 3:26
- Trav 18:6
- És 42:6
- Wo 8:28
- Trav 13:12
- Trav 16:14
- Mat 10:14
- Trav 2:4