1 Men konprann sa, ke [a]nan dènye jou yo, tan difisil yo va vini. 2 Paske lèzòm va renmen pwòp tèt yo [b]renmen lajan, [c]ògeye, awogan, blasfematè, dezobeyisan a paran yo, engra, san lafwa, 3 [d]san lanmou, san kapasite pou antann yo, medizan [e]san kontwòl tèt yo, brital, moun ki rayi sa ki bon, 4 trèt, enpridan awogan, renmen plezi olye de renmen Bondye; 5 k ap kenbe yon fòm [f]sentete, sepandan yo nye pouvwa li.
8 Jis jan ke Jannès ak Jambrès te opoze a Moïse la, konsa moun sa yo opoze verite a; [j]lèzòm ak lespri konwonpi, ki rejte sa ki konsène lafwa a.
9 Men yo p ap fè plis pwogrè, paske [k]foli yo va parèt klè a tout moun, jis jan ke foli a Jannès ak Jambrès te osi parèt a klè a.
10 Alò, ou te [l]swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans [m]lanmou, pèseverans 11 [n]pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. [o]A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m! 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus [p]va pèsekite.
13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal [q]nan twonpe moun ak vin twonpe.
14 Sepandan, ou menm [r]kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen [s]Lekriti sakre yo, ki kapab [t]bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 [u]Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen [v]prepare pou tout bon zèv.
<- II Timothée 2II Timothée 4 ->