Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

II TIMOTHÉE

1 Paul [a]yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus, 2 a Timothée [b]fis byeneme mwen an: Lagras, mizerikòd, ak lapè Bondye, Papa a, e Kris Jésus, Senyè nou an.

3 [c]Mwen remèsye Bondye ke mwen sèvi avèk yon bon konsyans jan zansèt mwen yo te fè a, pandan mwen sonje ou tout tan nan lapriyè mwen yo lannwit kon lajounen 4 [d]avèk lanvi pou m wè ou [e]menm lè mwen sonje dlo ki te sòti nan zye ou, pou m kapab ranpli avèk jwa.

5 Paske mwen sonje [f]lafwa sensè ki nan ou a, ki te dabò rete [g]nan grann ou, Lois ak manman ou, Eunice, e mwen byen si ke li nan ou tou. 6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe [h]don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.

7 Paske Bondye pa bannou yon [i]lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

8 Konsa [j]pa fè wont de temwayaj Senyè nou an, ni mwen menm nan, prizonye Li a, men vin jwenn ansanm avè m nan [k]soufrans pou levanjil la selon pouvwa Bondye a, 9 ki te sove nou e te [l]rele nou avèk yon apèl ki sen, [m]pa selon zèv nou yo, men selon pwòp bi ak gras pa L, ki te bay a nou menm nan Kris Jésus depi tout letènite, 10 men koulye a, ki vin revele pa aparans a Sovè nou an, Kris Jésus, ki te [n]aboli lanmò e te pote lavi ak imòtalite nan limyè, atravè levanjil la. 11 [o]Pou li menm, mwen te chwazi kòm predikatè, apot, ak pwofesè pou ale vè etranje yo. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men [p]mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.

13 [q]Kenbe fèm a pawòl sen ke ou tande de mwen yo, nan [r]lafwa ak lanmou ki nan Kris Jésus a.

14 Veye byen, selon lespri Sen ki [s]demere nan nou an, trezò kite konfye a ou a.

15 Ou byen okouran ke tout moun ki an Asie yo, te [t]vire kite m, pami yo menm, Phygelle ak Hermogène.

16 Ke Senyè a bay mizerikòd a [u]lakay Onésiphore, paske Li te souvan konsole m, e li pa t wont pou chenn mwen yo; 17 men lè li te Rome, li te chèche mwen avèk dilijans e li te jwenn mwen. 18 Ke Senyè a fè li jwenn mizerikòd Senyè a nan [v]jou sa a—e ke ou konnen trè byen tout sèvis li te rann nan Éphèse.

II Timothée 2 ->