Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

1 Alò, nou mande nou, frè nou yo, konsènan [a]vini a Senyè nou an, Jésus Kri, ak [b]reyinyon nou ansanm avèk Li a, 2 pou nou pa pèdi bon sans ak ekilib nou twò vit pa ni yon [c]lespri, ni yon [d]mesaj, ni yon lèt, kòmsi y ap di sòti nan nou menm, ak efè ke jou Senyè a gen tan rive deja.

3 Pa kite okenn moun nan okenn sans twonpe nou, paske li p ap vini amwenske gwo renye lafwa nan Bondye a ta fèt avan, e [e]nonm peche a, fis a [f]pèdisyon an, ta vin parèt. 4 Li va opoze e egzalte tèt li pi wo pase tout kalite bagay yo rele Dye oubyen tout sa ki adore, pou li kapab pran plas li nan tanp Bondye a, e [g]prezante tèt li kòm Bondye.

5 Èske nou pa sonje [h]lè m te toujou avèk nou an, mwen t ap di nou bagay sa yo?

6 Konsa, nou konnen [i]kisa ki anpeche li koulye a, pouke nan lè li a, li kapab vin parèt. 7 Paske [j]mistè nonm a peche a ap travay deja; sèlman Sila k ap anpeche li kounye a, va fè sa jiskaske li vin retire nan wout la.

8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye [k]avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, [l]sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou [m]sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou [n]a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

11 Pou rezon sa a, [o]Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout kapab jije ki [p]pa t kwè nan verite a, men ki te [q]pran plezi nan mechanste.

13 Men nou ta dwe bay remèsiman pou nou menm, frè m yo, byeneme nan Senyè a, akoz [r]Bondye te chwazi nou depi nan kòmansman an pou sali atravè sanktifikasyon [s]pa Lespri a ak lafwa nan verite a. 14 Se te pou sa Li te [t]rele nou atravè levanjil nou an, pou nou ta kapab vin genyen laglwa Senyè nou an, Jésus Kri.

15 Konsa, frè m yo, kanpe fèm e [u]kenbe ak tradisyon ke yo te enstwi nou yo, kit se pa pawòl kit se pa lèt a nou an.

16 [v]Koulye a, ke Senyè nou an, Jésus Kri, Li menm, ak Bondye, Papa nou an, ki renmen nou e ki bay nou rekonfò etènèl ak bon espwa pa lagras la 17 [w]rekonfòte nou e ranfòse kè nou nan tout bon zèv ak pawòl.

<- II Tesalonisyen Yo 1II Tesalonisyen Yo 3 ->