Link to home pageLanguagesLink to all Bible versions on this site

II TESALONISYEN YO

1 Paul, Silvain ak Timothée, a [a]legliz Tesalonisyen yo, nan Bondye, Papa nou an, e Senyè a, Jésus Kri: 2 [b]Gras pou nou ak lapè Bondye, Papa a, e Senyè a, Jésus Kri.

3 Nou ta dwe toujou [c]bay remèsiman a Bondye pou nou menm, frè m yo, nan jan sa merite a, paske lafwa nou gen tan grandi anpil, e [d]lanmou a nou chak pou youn lòt ap grandi menm plis toujou. 4 Konsa, nou menm, nou [e]pale avèk fyète de nou pami [f]legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo. 5 Sa se yon sign byen klè de jijman dwat Bondye anvè nou [g]ke nou konsidere dign pou wayòm Bondye a, de li menm nou vrèman ap soufri a.

6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo [h]lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila [i]ki pa konnen Bondye yo, e a sila [j]ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou a.

9 Sila yo va peye pinisyon [k]destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab [l]glorifye nan sen Li yo nan [m]jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou a.

11 Pou rezon sa a osi, nou toujou priye pou nou, pou [n]Bondye kapab konte nou dign de apèl nou an, e ranpli tout dezi pou fè sa ki bon ak zèv lafwa yo avèk fòs, 12 pou [o]non a Senyè Jésus nou an kapab vin glorifye nan nou, e nou nan Li, pa lagras Bondye nou an ak Senyè a, Jésus Kri.

II Tesalonisyen Yo 2 ->