1 Konsa, David te di: “Èske genyen toujou yon moun ki te rete pou lakay Saül, [a]pou m ta kab montre li favè pou koz Jonathan?” 2 Alò, te genyen yon sèvitè lakay Saül ki te rele Tsiba. Konsa yo te rele li kote David, e wa a te di li:
3 Wa a te di: “Èske pa gen moun toujou lakay Saül pou mwen ta kab montre favè Bondye?”
4 Konsa, wa a te di li: “Se kibò li ye?” Epi Tsiba te di a wa a: “Gade byen, li [d]nan kay Makir a, fis Ammiel la nan Lodebar.”
5 Epi Wa David te voye mennen li soti lakay Makir, fis a Ammiel la nan Lodebar. 6 [e]Méphiboscheth, fis a Jonathan an, fis a Saül, te vini a David. Li te tonbe sou figi li bese atè nèt. Epi David te di: “Méphiboscheth?”
7 David te di li: “Pa pè, paske anverite, mwen va montre ou ladousè pou koz papa ou, Jonathan, e mwen [f]va restore a ou menm tout tè a granpapa ou, Saül. Epi, konsa, ou va manje tout tan sou tab mwen.”
8 Ankò, li te bese atè, e te di: “Se kisa ke sèvitè ou ye pou ou ta dwe gade [g]yon chen mouri tankou mwen?”
9 Konsa, wa a te rele sèvitè a Saül la, Tsiba. Li te di li: [h]“Tout sa ki te pou Saül ak pou lakay li yo, mwen te vin bay yo a gran pitit a mèt ou a. 10 Ou menm avèk fis ou yo avèk sèvitè ou yo va kiltive tè a pou li, e ou va rekòlte jis pou pitit a mèt ou a kapab genyen manje. Sepandan, Méphiboscheth, gran fis a mèt ou a, [i]va manje tout tan sou tab mwen.”